Insolite

End: Aprè yon operasyon, doktè retire 82 dan nan bouch yon ti jèn gason 17 lane

Nan peyi End, doktè retire 82 dan nan bouch yon ti jèn gason 17 lane aprè yon operasyon.

Sit Yahoo.fr rapòte yon adolesan 17 lane ki te gen  bouch anfle aprè yon timè  arive sibi yon operasyon. Pandan operasyon sa, doktè yo arive wete 82 dan nan bouch jenòm sa.

Jèn gason sa ke idantite l pa revele arive trete pa maladi ra sa gras ak medsen Indira Ghandi Institute of Medical Sciences ki twouve l nan eta Bihar, nò peyi End.

Selon eksplikasyon medsen yo ki t ap mennen operasyon an, yo eksplike koz timè sa se swit ak yon defo sibstans ki responsab devlopman dan yo, daprè sa doktè Priyankar Shing eksplike ak yon medya endyen epi rapòte pa Yahoo.

Medsen an te kontinye pou di operasyon sa dire 3 èd tan.

Selon enfòmasyon yo, timè sa yo inofansif si yo arive trete bonè. Nan ka kontrè, enfeksyon an ka atenn zo machwè a epi operasyon an pral egzije pou retire yon bout nan zo machwè a.

Dekouvri plis:

Le nouveau Premier ministre, Dr Ariel Henry prend les rênes du pouvoir exécutif

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile