Insécurité

Endividi ak zam kidnape Paola Tropnas ak tout mennaj li nan zòn Kriswa

Endividi ame kidnape Paola Tropnas ak mennaj li Feguens Joseph nan zòn Kriswa.

Nèg ak zam moun pa rive idantifye kidnape jou ki te vandredi 8 oktòb la 8è 45 nan lasware, Paola Tropnas ak mennaj li Feguens Joseph nan zòn Kriswa bò Mè Marie-Anne, selon sa yon pwòch nan viktim yo fè konnen ak Juno7.

Pwòch la eksplike pou l di, viktim yo te soti Petyonvil, yo te evite zòn Dèlma 95 ki te gen dezòd akoz arestasyon Ti Greg, yo te oblije ale pase pa Boudon pou kapab ale Dèlma 31, rive zòn bò mè a nan Kriswa endividi yo kidnape yo vè 8è 45 yo.

Endividi yo mande 2 gwo sòm lajan pou viktim yo ta jwenn liberasyon. Yon montan an goud ak yon lòt ki an dola, pwòch la ki revele nou montan an te mande ak redaksyon an pou pa kominike l menm jan anpil lòt pwòch viktim konn swete sa tou.

Apre zak kidnapin sa, selon temwanyaj pwòch Paola Tropnas ak Feguens Joseph, yo pale ak yo depi samdi maten. Se depi lè sa tou yo gen nouvèl yo.

Pou kounya, fanmi an swete jwenn liberasyon Paola Tropnas ak Feguens Joseph paske lajan sa ravisè yo mande a yo pa konn kote yo pral jwenn li.

Dekouvri plis:

106 migrants haïtiens abandonnés découverts dans un conteneur au Guatemala

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile