Littérature

Powèt Georgy ak Kevin met tèt ansanm pou fè vant siyati 2 liv pou ka ede moun Manich

Powèt Georgy Lundy ak Kevin Pierre met tèt ansanm pou fè vant siyati 2 liv pou ka ede moun komin Manich.

Powèt Georgy Lundy ki ekri liv “Degi” epi Kevin Pierre ki ekri “Mak Pye Solèy” ap fè vant siyati 2 liv sa yo samdi 28 out la, bò 3 è 30 nan aprèmidi, anndan restoran Yanvalou ki nan nimewo 48 Avni N.

Chak liv sa yo moun k ap fè deplase yo ap ka achte yo a 300 goud. Lide sa vini pou kontinye ede viktim tranbleman tè yo nan fason yo kapab, daprè eksplikasyon Kevin Pierre te bay redaksyon Juno7 la.

100% kòb k ap gen pou rantre aprè vant siyati 2 liv sa yo pral jwenn moun nan komin Manich. “Tout lajan liv ki vann yo pral jwenn yon komite moun Manich ki gen nan tèt li Stephana Dorval ki pral jere sa”, daprè sa Kevin fè konnen.

Li te ajoute pou l di Stephana Dorval se moun zòn lan, li te deja ale pou konstate dega tranbleman tè a fè epi li konn kisa viktim yo plis bezwen.

Kevin Pierre di feedback yo pozitif, moun manifeste enterè pou vini nan aktivite. Si n kwè powèt la, li fè konnen gen moun ki p ap ka fè deplasman men ki ap voye achte liv yo.

Jèn powèt la envite moun yo achte liv ki ap ka ede yon moun epi deklare: “Nan sa peyi nou ye la a, se tèt ansanm ak lanmou youn pou lòt k ap sove nou”.

Dekouvri plis:

Retrait provisoire de la scène politique de Rony Colin pour des raisons de santé

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Actualités

Des prisonniers se sont évadés ce vendredi 3 mai 2024 dans la soirée de la prison civile de Port-de-Paix Un policier affecté à l’Unité...

Politique

Le Groupe de la Société Civile préconise un consensus entre les neuf Conseillers présidentiels autour du choix d’un nouveau premier ministre Le Groupe de...

Musique

Musique : à la découverte de l’artiste Isemylee Camille qui a dévoilé un nouveau titre “Bad with me”. Isemylee Camille, native de la commune...

Actualités

Les prix du transport en commun augmentent à Port-au-Prince en raison de la rareté de carburant, due à la violence des gangs Ces derniers...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile