Aktyalite AN KREYÒL

Kanapevè: popilasyon an boule plizyè nèg ak zam ki te nan yon bis

Imaj : Live Facebook

Kanapevè: popilasyon an mete dife sou plizyè nèg ak zam lapolis te arete nan yon ti bis ki t ap soti Petyonvil.

Popilasyon nan zòn Kanapevè mete dife sou plizyè jèn gason ki te ame anndan yon ti bis ki t ap soti Petyonvil. Aksyon sa pase maten lendi 24 avril la aprè lapolis te mete lapat sou machin sa ak tout endividi ki te ladan l. Popilasyon an pa t pèdi tan pou pran nèg sa yo nan men polisye yo epi mete dife sou yo. Enfòmasyon fè konnen se 14 jèn gason ki ta pèdi lavi yo.

Pa gen detay sou ki kote nèg sa yo ta prale men kèk moun nan popilasyon an rete kwè se ranfò yo ta pral pote bay nèg ak zam nan Debussy ki anvayi zòn sa depi yè swa epi ap simen latwoublay nan mitan sitwayen yo. Devan je tout moun ki t ap gade, jèn gason sa yo pase anba dife.

Aksyon sa fè anpil moun kontan sou rezo a kote yo di pa dwe gen prizon pou nèg ak zam k ap panike popilasyon an. Se te lajwa ak kontantman lè popilasyon an t ap mete dife sou endividi sa yo, daprè sa yon moun rapòte pou jounal la.

Depi yè swa, zòn Kanapevè, Tijo, Pako ak Debisi ap konnen gwo panik kote abitan yo ap tande anpil katouch, moun ap kouri kite kay yo, sa k ap lanse SOS pou lapolis. Maten an, plizyè lekòl nan blòk la pa louvri, gen timoun lekòl yo voye yo tounen pou evite moman panik.

Aprè Solino, Site Solèy, Dyèg nan Petyonvil, Sous Matla, elatriye, se tou pa Debisi k ap fè fas ak nèg ak zam ki vle pran kontwòl li.

Imaj : Live Facebook

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce lundi 24 avril 2023

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Actualités

Le MENFP suspend le permis de diriger et le permis d’enseigner d’un directeur d’école dans le Nord-Est pour violences sur une écolière Le Ministère...

Économie

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce vendredi 3 Mai 2024 est de 132,42 gourdes pour un dollar américain. Ce taux...

Éphéméride

Les éphémérides du jour : les fêtes nationales, les événements marquant l’histoire d’Haïti, les proverbes… l’agence en ligne Juno7 vous apporte un rafraîchissement de...

Actualités

Cap-Haïtien: un glissement de terrain fait neuf morts et détruit 6 maisons dans la localité de Labori à Barrière-Bouteille Des pluies torrentielles qui ont...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile