Santé

Kovid-19: 26 nouvo ka ki vin bay yon total plis pase 20 mil ka konfime depi lè maladi a an Ayiti selon MSPP

Kovid-19: 30 nouvo ka ki vin bay yon total plis pase 20 mil ka konfime depi lè epidemi an pa bò isit selon Ministè Sante Piblik ak Popilasyon.

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon pa sispann devwale chif sou kesyon maladi kowonaviris viris la (Kovid-19) ki an Ayiti depi mwa mas 2020 an. Nan dènye chif responsab yo pibliye yè mèkredi a fè konnen gen 30 nouvo ka ki konfime, sa ki vin bay yon total 20 896 moun ki gen maladi kowonaviris la.

Lwès la se depatman ki gen plis ka ki konfime avèk 14 228. Nan 30 nouvo ka a gen 13 se nan depatman Lwès la yo anrejistre yo. Depatman ki gen pi piti ka konfime se Nip avèk 291 moun.

Kantite ka yo lè MSPP fè dekont yo pa nonb daj, sa vle di pou gade moun ki laj ki plis kontamine depi lè maladi a an Ayiti, li revele se moun ki nan laj 30-39 lane kote chif la se 5 389 pou yo. Soti 0 pou rive 9 an se 474 ka konfime.

Nan menm chif MSPP yo, li fè konnen gen 3 602 moun ki pase lopital, 586 moun mouri epi 17 926 moun jwenn gerizon depi lè pandemi an sou teritwa a.

Pandan tan sa, MSPP kontinye ak kesyon aktivite vaksinasyon kont maladi kowonaviris la kote 25 717 moun deja resevwa premye dòz vaksen Moderna a, 3 019 resevwa dezyèm dòz vaksen Moderna a epi 341 resevwa dòz inik vaksen Johnson lan si n kwè chif MSPP mete deyò yo.

Dekouvri plis:

La DINEPA dresse son bilan post-séisme

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) pote kèk konsèy pou popilasyon an pandan pasaj eklips solèy la sou...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Un protocole d’accord est signé entre le MSPP et Zanmi Lasante. Selon une note du Ministère de la...

Santé

Getting your Trinity Audio player ready... Le MSPP alerte sur un médicament contrefait en circulation dans le pays   Une alerte sanitaire du Ministère...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le groupe Konbit San Pou San (KSPS) a organisé un sit-in devant le MSPP pour exiger que les...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile