Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

MSPP mande pou moun pa leve je yo anlè pandan pasaj eklips solèy la sou Ayiti

MSPP mande pou moun pa leve je yo anlè pandan pasaj eklips solèy la sou Ayiti

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) pote kèk konsèy pou popilasyon an pandan pasaj eklips solèy la sou peyi a.

Eklips solèy toal k ap gen pou fèt jodia nan peyi Etazini, Kanada ak Lafrans ap touche plizyè lòt peyi, pami yo Ayiti kote li ta dwe pasyèl. Nan sans sa, pou pwoteje popilasyon an, MSPP pote plizyè konsèy ki ka pèmèt moun yo, sitou timoun yo, pwoteje zye yo kont domaj fenomèn sa ka pote.

Premye bagay MSPP mande se pa ale kite tantasyon fè w leve je w gade syèl la pandan pasaj eklips solèy la.

Si kèk moun toujou afole pa fenomèn sa epi panse yo pa ka pran lari, MSPP raple menm kan eklips la w ap ka fè tout aktivite w.

MSPP evite moun yo mete chapo oubyen kaskèt ki ka ede yo pa fikse solèy la pandan moman eklips la pandan l ajoute pou l di moun ki pa gen anyen yo pral regle moman an nan lari pou yo rete lakay yo.

Yon lòt pwen enpòtan, MSPP mande pou okenn moun pa ale itilize linèt solèy oubyen vit machin tente pou gade solèy la. Pou otorite sante yo, pratik sa pa bon, li ka andomaje je w.

Epi pou l fini, li mande pou moun yo evite gade ak fè foto eklips la ak telefòn yo. Meyè bagay la se ta mete linèt ki fèt pou sa menm.

Daprè eksplikasyon lasyans, gen 3 tip eklips solèy. Eklips pasyèl, se lè lonbraj Lalin nan pa ale dirèkteman sou Latè ; eklips anilè, se lè Lalin nan pa fin bare wonn lan nèt, poutèt li twò lwen li epi eklips total, se lè Lalin nan bare Solèy la nèt, se fenomèn sa ki pral fèt jodia men se moun Meksik k ap gen chans pou wè l.

MSPP mande pou moun pa leve je yo anlè pandan pasaj eklips solèy la sou Ayiti

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce lundi 8 Avril 2024

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

Le MSPP a alerté la population sur des cas de maladie présentant des signes et symptômes pouvant indiquer la présence de la maladie du...

Actualités

Dix véhicules sont remis aux directeurs sanitaires départementaux par le ministre de la Santé publique et de la Population, le docteur Georges Fils Brignol....

Actualités

Alerte de l’épidémie de fièvre à Kenscoff : une fausse alerte selon le Ministère de la Santé. Une récente investigation menée par la Direction...

Actualités

Pour la saison cyclonique 2024, Incas Productions revient à la charge avec son programme d’éducation, de sensibilisation et de prévention des catastrophes naturelles et...