Sports

Kwonikè espòtif Jean Pierre Étienne bay 4 rezon pou yon moun kwè nan viktwa Ayiti aswè a

Aswè a bò 9 è, seleksyon foutbòl Ayiti a ap an deplasman pou jwe match retou kont ekip Kanada a ki konte pou eliminatwa mondyal Kata 2022.

Nan match ale a nan estad Sylvio Cator, grenadye yo te pèdi 0-1. Sa ki mete yo nan move pozisyon pou match retou sa kote se yon viktwa 2-0 ki pi lojik pou yo pou espere kalifye pou dènye faz eliminatwa a.

Jean Pierre Étienne yon kwonikè rekoni epi respekte bay 4 rezon sou paj Facebook li yon moun ta dwe kwè. Jounalis espòtif radyo Ibo a rale kòm premye rezon gwoup aktyèl ki la ki te fè yon remontada an 2019 nan Gold Cup kont ekip Kanada sa ki t ap mennen 2-0 sou nou, nou te chavire bagay la lè n pase yo yon premye gòl pou redui eskò a, yon dezyèm pou egalize epi yon twazyèm pou rache viktwa a nan bouch yo ki te kite yon gou amè pou yo. Fas ak moman inoubliyab sa, Jean Pierre Étienne kwè ke se yon rezon valab pou n kwè.

Si Ayiti te pèdi 0-1 nan match ale a, anpil moun ki t ap gad match la estime nou te ka egalize epi menm fè yon viktwa menm tèlman Kanada pa t ka devlope jwèt li vre nan estad la. Petèt se sa ki fè Jean Pierre Étienne rale dezyèm rezon sa pou l di nou te jwe tèt pou tèt nan dezyèm mitan an ak yo lè yo te fin mennen 0-1 depi nan premye mitan an, eskò a te rete konsa jistan yo pati ak viktwa a.

Jean Pierre Étienne kontinye ak rezon yo pou l di lè ekip sa « Dos au mur » li pi meyè. Li rale absans Johnny Placide, Alex ak Carnejy pou jodia li kwè ki ka bouste rès ekip la. Li bay egzanp sa yo se pou montre an 2019 kont Kanada ekip la pa t gen Adé ak Mechack epi l te chavire bagay yo.

Epi dènye rezon an, JPE estime ekip sa gen karaktè. Plizyè match kont Kostarika, Kanada ak Meksik bay gwoup sa karaktè selon li menm.

9 è Ayiti nan batay, se swa n tou fè sa n ap fè a epi kontinye pakou a, sinon se pou 2026 nou pral oblije ap panse. Grenadye alaso!

Dekouvri plis:

Le MAST a remis des kits alimentaires à la Mairie de Carrefour au profit des réfugiés

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Actualités

Un incident suspect perturbe le sommeil des joueurs haïtiens à la veille du match face au Nicaragua. À quelques heures du choc décisif face...

Sports

Les jeunes Grenadiers entament un stage décisif à Barcelone, dernière ligne droite avant de représenter Haïti sur la scène mondiale. La sélection nationale haïtienne...

Sports

Hommage de la Fédération Haïtienne de Football (FHF) à un joueur emblématique du Tempête FC et du Baltimore SC. La Fédération Haïtienne de Football...

Sports

Éliminatoires coupe du monde 2026 : la sélection haïtienne poursuit sa marche triomphale avec une victoire 3-1 contre la Barbade. La sélection haïtienne de...

Copyright © 2017 - 2025 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile