Aktyalite AN KREYÒL

Lapolis arete yon papa ki boule pitit li ak gòm galon poutèt li pran 100 goud li

Lapolis peyi Ayiti arete yon papa ki boule pitit li ak gòm galon poutèt li pran 100 goud li.

Lapolis peyi Ayiti arete 2 fevriye pase a Cadet Jean Maxin nan zòn Jerizalèm, nan Bonrepo pou zak maltretans sou timoun. Mesye sa ki gen 34 lane boule kò yon pitit gason 11 lane li genyen ak gòm galon poutèt li pran 100 goud.

Nan yon repòtaj lapolis prezante sou paj Facebook li jounen 7 fevriye a, prezime kriminèl la rekonèt se li menm ki komèt zak san non sa. Cadet Jean Maxin, yon kawotchoumann, eksplike se paske li te vle korije ti gason an ki koz li aji fason sa. « Li toujou ap manyen afè m. Mwen mete kòb la nan galon anba tè, li pran yon bwa ak chiklèt li rale kòb la monte. Lè m kenbe l nan men li pa ka dim non », Jean Maxin tante jistifye.

Nan eksplikasyon li bay lapolis, Cadet Jean Maxin di li pran yon bout galon blan epi li boule ti gason ak gòm li pandan anviwon 10 minit. Li rakonte se paske viktim t ap vire kò li ki lakoz tout li boule konsa. Lè polisye ki tap poze l kesyon sou sa l te resanti nan moman sa, Cadet Jean Maxin di li pat alèz.

Dapre temwayaj viktim nan, se pa li sèlman ki sibi fòm zak maltretans sa anba men Cadet Jean Maxin. Prezime kriminèl la konfime li boule yon ti frè viktim nan men ak menm sibstans sa deja.

Eksplikasyon Cadet Jean Maxin pèmèt responsab lapolis yo konfime l ap pèpetye zak vyolans li te konn sibi lè li te piti. Jenn gason sa rakonte papa l, yon ajan sekirite, te abitye ba l gwo pinisyon sou pretèks li t ap edike l.

Nou kapab gade repòtaj lapolis fè sou dosye sa sou lyen sila : https://fb.watch/izzuY6x0I6/?mibextid=RUbZ1f

Dekouvri plis:

Le Gouvernement chinois offre des bourses d’études aux jeunes haïtiens

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Sécurité

Tabarre : Lorveus Maxo Junior abattu lors d’échanges de tirs avec la police La Police Nationale d’Haïti a annoncé ce vendredi 17 mai 2024,...

Sécurité

Le Commissaire Divisionnaire Frantz Saint-Armand installé comme nouveau Directeur à la tête de la Police de la Grand’Anse Ce mercredi 15 mai 2024, sur...

Sécurité

La Police Nationale d’Haïti a reçu des matériels dont des blindés offerts par le Gouvernement américain. La Police Nationale d’Haïti a informé ce samedi...

Sécurité

Deux individus ont été arrêtés par la Police des Gonaïves pour leur implication dans un cas d’enlèvement et de viol L’institution policière à informé...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile