Actualités

Lapolis kraze mobilizasyon medsen yo ak gaz lakrimojèn sou Lali

Yon lòt fwa ankò medsen yo te pran lari pou kontinye pwoteste kont koze kidnapin lan ki pa sispann ap monte anndan peyi a.

Jodi lendi a yo te rasanble devan fakilte medsin epi kou yo t ap desann sou Lali ajan PNH te kraze manif sa paske yo te egzije yon pakou ke medsen yo pa t dakò. Sa ki ta pral fè polisye yo fè anpil izaj gaz lakrimojèn pou kraze mouvman an nan zòn sa epi blese yon medsen ki te resevwa yon kout bonbòn gaz la.

Touswit apre represyon polisye yo, medsen yo te gaye epi ale regwoupe nan zòn aveni Magny a kote y ap pare pou desann sou channmas epi chita tann kèk lòt gwoup etidyan k ap pare pou vin ranfòse yo nan mouvman an, selon eksplikasyon youn nan yo ki te pale ak nou.

Plizyè nan yo deplore konpòtman polisye yo. Paske selon yo, se pa sèlman pou doktè Hans David yo ap revandike se pou tout moun ke kidnapin nan frape paske tout moun ka viktim pa fenomèn sa.

Dekouvri plis :

Flach: Zòn kanapevè bloke pou yon chofè kamyonèt yo kidnape

Plus de contenu

Actualités

Des individus armés s’affrontent avec des agents de la PNH sur le Champ de Mars, des blessés sont recensés. Des agents de la Police...

Sécurité

La PNH annonce l’arrestation de Jean Bernard Joseph pour son implication presumée dans le dossier relatif à la saisie d’armes et de munitions au...

Sécurité

Saisie d’armes et de minutions au port du Cap-Haïtien: Wilmane Jean et Barthol activement recherchés par la Police nationale d’Haïti Dans un communiqué publié...

Sécurité

La Douane saisit une cargaison d’armes et de munitions illégales dans le port du Cap-Haïtien Les services des Douanes en collaboration avec la PNH...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile