Aktyalite AN KREYÒL

Pastè Marco mennen “brebi egare” yo Kanaran, plizyè viktim anba bal bandi

Pastè Marcorel Zidor mennen fidèl legliz li zòn Kanaran, plizyè nan yo viktim anba bal gwoup gang Jeff.

Maten samdi 26 dawout la, pastè Marcorel Zidor anpil moun konnen sou non Marco oubyen cheriben te òganize yon mach ki ta prale zòn Kanaran, fyèf gang Jeff k ap dirije zòn sa depi kèk tan. Si nan kòmansman tout bagay t ap byen dewoule, deblozay ta pral pete aprè nèg ak zam Blòk sa deside tire sou foul la ki te detèmine pou pote mesaj nan baz gang yo. Atravè pil videyo ak imaj k ap sikile, nou ka remake kèk moun ki te nan mach la ki mouri, twa fidèl nèg ak zam yo pran epi ap fè yo pale.

Imaj chokan k ap sikile a montre gen 5 moun ki mouri k ap benyen nan san yo, Bandi ap filme pou montre sa k pase a. 5 moun sa yo gen mayo blan sou yo ki gen logo pastè Marco.

Nan yon lòt videyo, gen 3 medam nèg ak zam yo pran epi ap fè pale pandan y ap filme yo. Youn ladan yo bay vizaj li pa anfòm epi gen san sou li. Daprè sa k ap di nan videyo a, sanble se bal li ta pran nan bouch.

Pa gen moun ki konnen konbyen viktim ki fèt pandan ensidan sa kote misyon fidèl pastè Marco yo se te rive nan fyèf gang Jeff pou fè yo depoze zam, kite bandi.

Pou kounya, pa gen okenn nouvèl sou pastè Marco. Men moun kritike l paske li trennen anpil kretyen vivan nan bouch anpil bandi san fwa ni lwa menm fòs lòd difisil pou kontrekare.

Dekouvri plis:

ISTEAH décerne un doctorat honoris causa à Ronald Gabriel, directeur général de la BRH

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Politique

À l’occasion du 221ème anniversaire du drapeau national, Jean Henry Céant prône un nouveau Congrès pour faire face à l’urgence de la paix Dans...

Insécurité

Des gangs ont démoli dans la nuit du 17 au 18 mai la prison civile de Titanyen et le commissariat de police de la...

Actualités

La fête du bicolore haïtien, une célébration de l’identité nationale. Chaque année, le 18 mai, Haïti célèbre la fête du drapeau, un événement marqué...

Actualités

Des enseignants de l’Ouest honorés par la DDEO lors de la journée nationale des enseignants. En cette Journée nationale de l’enseignant célébrée chaque 17...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile