An kreyòl

Pou rann omaj ak Jacques Stephen Alexis, yon mach atistik ak atelye pwezi te òganize nan Pòtoprens 

Pou rann omaj ak Jacques Stephen Alexis yon mach atistik ak atelye pwezi te òganize nan Pòtoprens pandan 2 jou.

Ane 2022 a konsakre ak 100 lane nesans Jacques Stephen Alexis, nan sans sa powèt Ricardo Boucher ak kèk lòt kanmarad li, te deside rann omaj ak gwo potorik gason sa nan okazyon dezyèm edisyon atelye pwezi ak diskisyon. Pandan 2 jou, òganizatè sa yo te òganize yon kokenn Chenn aktivite anba tèm <

Nan yon ti pale ak Juno7, jèn powèt Ricardo Boucher ki pran inisyativ sa, te pwofite pou eksplike rezon ki fè yo te vin ak yon aktivite konsa. “Se te yon pretèks pou pale sa n vle pale yo. Sa n vle pale yo se pawòl moun ki pi mal yo”, daprè detay li bay.

Vandredi ki te 26 dawout la, anba tèm “Ant angajman atistik ak angajman politik, Jacques Stephen Alexis: Yon inite dyalektik”, yon atelye pwezi ak diskisyon te anime pa Wasly Simon, Samuela Saint-Vil epi Ricardo Boucher, sou plas Desalin sou Channmas. Plizyè dizèn moun te soti tout kote nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan pou te vin asiste ak premye jounen sa ki t ap eseye aktyalize lide Jacques Stephen Alexis yo epi eseye mete yo nan kontèks aktyèl la pou mennen ide l yo bay mas Popilè a, daprè eksplikasyon Ricardo Boucher.

Dezyèm jounen an te gen pou wè ak yon mach atistik ki te rasanble moun sou plas jeremi nan Kafoufèy kote Wismy Faustin ki se yon atis pent te fè yon pòtrè Jacques Stephen Alexis epi ta pral genyen mach la ki ta pral demare pou pase Avni Kristòf, Kafou Tifou, Channmas epi fini sou plas Kalbwa. Nan mach atistik sa te gen dizè, powèt ak komedyèn ki t ap pèfòme.

Aprè mach la te fini sou plas Kalbwa, yo te ale Fò Nasyonal lakay Domini Resain, yon atis pent ki te resevwa 3 bal pandan te sou do kay li. Atis la te sipoze ak yo nan aktivite a men akoz eta sante l aprè katouch yo li pa t ka prezan.

Pandan mach sa, te gen moun ak pankat nan men. Se te yon fason pou pwofite denonse sitiyasyon sosyopolitik moun ap viv anndan peyi a. “Pwezi a, literati a, se toujou zouti nou itilize pou n pale sa n vle pale yo. Sa n vle pale yo se toujou pawòl malere ak malerèz yo”, pawòl Ricardo Boucher.

Ricardo Boucher aprè reyalizasyon aktivite sa sou 2 jounen arive satistè de evènman an sitou nan kontèks yo te fè l la. Li estime se yon aktivite reyisi ki te eseye chache touche konsyans chak grenn moun nan rankontre yo epi konstwi pawòl yo ak moun yo.

 

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile