Aktyalite AN KREYÒL

Shabba reponn moun ki t ap kritike l pou soulye l te mete nan fineray prezidan an

Atis Shabba reponn ak kritik ki te gen sou soulye l te mete nan fineray Jovenel Moïse la.

Entènot yo pa kite anyen pase anba je yo pandan fineray Jovenel Moïse nan Kap Ayisyen vandredi 23 jiyè a. Aprè fineray nou viv  sitwayen “asalòs, Go out” ki t ap joure blan yo, nou wè dam ki t ap kriye pou telefòn li ki pèdi, nou wè foto Shabba ki t ap sikile pou montre soulye l te blanch.

Si anpil moun felisite atis la yo estime ki pa trayi prezidan an ki kanpe bò kote l menm nan lanmò, anpil detraktè sou rezo a pa t manke okazyon an tou pou kritike atis gwoup Mizikal Ekip la pou soulye a.

Pou reponn ak pil pawòl anpil sa yo, Shabba te itilize kont IG li pou fè konnen li pa gen pwoblèm soulye. Ansyen chantè Djakout #1 lan kritike konpòtman moun yo ki wè verite a anfas epi vle kontinye. Verite a se pousyè ki gen nan zòn lan ki lakoz soulye l te blanch.

Shabba fini mesaj la pou l di se pa soulye ki te enpòtan pou li men pito prezans li nan antèman Jovenel Moïse la.

Dekouvri plis:

Frans: Pou premye fwa legliz pwotestan selebre maryaj “Madivin”

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Culture

Getting your Trinity Audio player ready... La formation musicale de l’EKIP est  membre de Universal Music France Désormais, EKIP fait partie de la grande...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile