Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Frans: Pou premye fwa legliz pwotestan selebre maryaj “Madivin”

Frans: Pou premye fwa legliz pwotestan selebre maryaj "Madivin"

Yon legliz pwotestan selebre pou premye fwa maryaj yon koup madivin.

Legliz pwotestan Maguelone ki chita kò l nan vil Monpelye, peyi Frans, selebre samdi 24 jiyè maryaj pou yon koup madivin. Dat sa tou rantre nan listwa legliz pwotestan nan peyi Emmanuel Macron ap dirije a.

2 madivin sa yo se 2 fanm pastè k ap fè estaj yo ye, non yo se Emeline Daudé ak Agnès Kauffmann ki di “wi” pou lavi devan 2 lòt pastè ki te deside selebre maryaj sa.

Enfòmasyon sa releye pa plizyè medya tankou Huffington Post ak site Yahoo.com, ak France Bleu.

Youn nan marye yo ki se Emeline Daudé deklare nan mikwo France Bleu ke yo te gen anpil ankourajman menm kan li rekonèt chwa sa pa toujou fasil pou akeyi nan milye legliz la. Emeline ki se yon madivin ki arive marye ak yon fanm parèy li se pastè yon legliz pwotestan nan Monpelye, Agnès Kauffmann se yon pastè tou.

HuffpostHérault: Deux pasteures lesbiennes se sont mariées, une première en France 

YahooL’Église Protestante a fêté son premier mariage lesbien

Frans: Pou premye fwa legliz pwotestan selebre maryaj "Madivin"

Dekouvri plis:

Allemagne: Lewandowski élu meilleur joueur pour la deuxième année consécutive

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete...

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze ejakile sa nou rele nan langaj...

Société

Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele souvan nan langaj kreyòl la “la...