Actualités

Wout Nazon ak kèk zòn ki antoure l bloke aprè atak ame nèg Bèlè fè sou Solino yè mèkredi a

Wout Nazon ak kèk zòn ki anviwonnen l leve bloke maten an aprè atak nèg ak zam nan Bèlè fè sou Solino yè mèkredi 6 septanm lan.

Yon lòt fwa katye Solino sibi atak nèg ak zam nan Bèlè yè mèkredi 6 septanm lan nan aprèmidi. Sa ki te lakoz plizyè sitwayen kourite kite espas la pou evite viktim anba vyolans gang k ap simen latwoublay. Maten jedi 7 septanm lan, plizyè zòn tankou Nazon, Kriswa ak lòt blòk ki anviwonnen yo leve bloke. Abitan zòn sa yo bloke pou evite twòp machin ak moto pase, yon fason pou gen plis kontwòl sou zòn yo, daprè sa kèk eksplike ak Juno7.

“Nou oblije rete veyatif epi pridan. Se rezon nou bloke zòn lan. Nou pa fè l jis pou plezi men se pou gen kontwòl zòn moun k ap frekante zòn lan. Se rezon nou bloke blòk nou”, se sa yon sitwayen nan zòn Akasya fè nou konnen.

Wout Nazon bloke tou ak Kakas machin ki paralize sikilasyon machin ki konn abitye fè wout sa. Chofè yo oblije ale pase pa anndan Kriswa pou tonbe sou Lali akoz Barikad ki gen sou wout Nazon an depi aprè pil kout zam ki t ap chante yè nan Solino.

Nan konsta nou fè, pa gen twòp moto k ap sikile sou Poupla, Nazon, Avni Martin Luther King ak kèk zòn ki antoure yo. Gen plis moun ak pye k ap fè wout la. “M pa jwenn machin, m pral Kafou Ayewopò, m oblije fè wout la a pye pou m rive lakay mwen avan l pita”, se sa yon dam deklare nou pandan l gen yon ti pakèt sou tèt li, li sot achte machandiz anba lavil.

Vyolans nèg ak zam yo pa sispann simen latwoublay nan mitan popilasyon an ki fin teworize, pa konn ki sen pou rele epi k ap veye bal mawon. Chak tan sitwayen pezib ap kouri, yo lage 2 bra balanse fas ak bandi san fwa ni lwa k ap tire pasi pala pou pran kontwòl teritwa.

À lire aussi:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce jeudi 7 septembre 2023

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile