Aktyalite AN KREYÒL

Yon avyon fè yon aterisaj fòse touprè ayewopò Jakmèl la

Crédit photo: Chrisfort Photography

Yon avyon koulè blanch fè yon aterisaj fòse touprè ayewopò Jakmèl la.

Yon avyon koulè blanch fè yon aterisaj fòse touprè ayewopò vil Jakmèl jodi madi 19 oktòb la, selon sa delege depatmantal Sidès la, Pierre Michel Lafontant fè konnen ak redaksyon Juno7 la.

Selon detay delege a, moun nan zòn Jakmèl te remake avyon an ap fè ale retou sou vil la, kèk minit aprè avyon an ale ateri fòse sou yon teren ki twouve l touprè ayewopò Jakmèl la. Teren sa se yon kote ansyen minis agrikilti Gérald Mathurin te gen yon biwo. Yo bay teren sa pote non teren Cross.

Daprè Pierre Michel Lafontant, avyon sa te gen 2 pilòt. Yo kouri kite avyon an, yo pa konn kote yo ye nan moman atik sa t ap ekri a. N ap siyale tou otorite poko rantre nan avyon an tou, lapolis sou plas ap tann jij depè pou konsta.

Direktè ayewopò vil Jakmèl la verifye avyon an pa gen imatrikilasyon, se pa yon avyon komèsyal. Delege depatmantal Sidès la fè konnen tou yo pa gen detay ki kote li soti ak kote li ta prale.

Popilasyon an te fè tantativ pou anvayi aparèy la, lapolis te repouse yo. Pa gen viktim nan zòn kote aterisaj fòse a fèt la.

Crédit photo: Chrisfort Photography

Dekouvri plis:

Kidnapping des missionnaires: les États-Unis rappellent qu’ils “ne négocient pas” avec les terroristes

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Sports

Le Real Madrid remporte le titre de champion d’Espagne après la défaite du FC Barcelone face au Girona (4-2) Dans une saison de football...

Éphéméride

Les éphémérides du jour : les fêtes nationales, les événements marquant l’histoire d’Haïti, les proverbes… l’agence en ligne Juno7 vous apporte un rafraîchissement de...

Économie

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce samedi 4 Mai 2024 est de 132,34 gourdes pour un dollar américain. Ce taux...

Actualités

Des prisonniers se sont évadés ce vendredi 3 mai 2024 dans la soirée de la prison civile de Port-de-Paix Un policier affecté à l’Unité...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile