Actualités

Yon polisye mouri, youn pran katouch nan pye apre afwontman ak gwoup Fantom 509

Gwoup Fantom 509 pran lari a yon lòt fwa ankò jodi lendi 22 mas 2021 an, nan kad soti sa yon polisye arive mouri, yon lòt blese pa bal.

2 polisye viktim yo t ap eseye bare gwoup Fantom 509 la ki t ap monte sou Dèlma daprè dènye enfòmasyon ki vin jwenn sal redaksyon an.

Polisye Mistal Pierre Richard mouri sou plas nan nivo Dèlma 31 ak 33 nan kad afwontman ant patwouy polis la ak gwoup Fantom 509 apre l fin resevwa yon katouch nan kè. Polisye sa se yon ajan UDMO.

Yon lòt ajan UDMO ki se Dominique Domerçant resevwa yon bal nan nivo manb enferyè li, pou kounya li ta dwe lakay li, eta sante l pa grav, daprè yon sa yon sous pwòch Juno7 konfime pou medya a.

N ap raple gwoup Fantom 509 yo kontinye nan lari a pou egzije ak wo kòmandman PNH la ale chache kò 5 polisye yo anndan Vilaj. Semèn pase a, yo te pwofite lage plizyè polisye ki te fèmen nan komisarya ak prizon sivil Kwadèboukè a.

Nan moman atik sa t ap ekri, zòn Dèlma te sou panik kòm dabitid kote trafik la te paralize, moun t ap chache rantre apre nouvèl Fantom 509 nan lari.

Enstitisyon polis la po ko pwononse l sou sa k pase talè a bò midi yo.

Dekouvri plis:

Crise-Électorale: les représentants élus de la FE déclarent irrecevable la décision du CUEH

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Sécurité

La PNH déjoue une tentative de kidnapping au Centre-ville de Port-au-Prince, deux individus armés tués La Police Nationale d’Haïti (PNH) a réussi à dévier...

Insécurité

Des victimes ont été recensées après qu’un char blindé de la PNH a ouvert le feu sur un minibus de transport en commun à...

Actualités

Séances de travail entre les membres du Conseil Présidentiel, le Haut-État-Major des FAD’H, de la PNH et de l’Unité de Sécurité du Palais National...

Actualités

Des individus armés s’affrontent avec des agents de la PNH sur le Champ de Mars, des blessés sont recensés. Des agents de la Police...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile