Insécurité

10 pasaje kidnape anndan yon bis “Sans Souci”: yon responsab ap bay eksplikasyon

Granm bonè maten an endividi ak zam moun pa rive idantifye atake yon bis konpayi Sans Souci nan zòn Gwo Mòn, epi kidnape 10 pasaje ki te twouve yo anndan bis sa.

Bis sa t ap soti Sen Lwi di Nò pou rantre Pòtoprens. Pandan transpò a te gen 40 pasaje anndan bis la, selon eksplikasyon Direktè konpayi an, Jeanty Tecieux.

Selon eksplikasyon Jeanty Tecieux, se chofè a ki te mete konpayi a okouran apre atak la pou di yo bandi tire sou machin lan men pa gen moun ki touche pa bal sa yo.

Apre konsta legal yon jij depè, bis la rantre Pòtoprens ak 30 pasaje, gen 10 lòt yo ki nan men bandi yo ki fè nan raje ak yo. 10 pasaje bandi kidnape yo gen 5 ki te pran bis la Pòdepè, lòt 5 lan te monte bis la depi Sen Lwi di Nò, toujou selon Jeanty Tecieux.

Pou sa k gen pou wè ak rechèch pasaje yo, responsab konpayi Sans Souci a fè konnen dosye sa nan men lapolis pou swivi yo. Nèg ame sa yo byen avan yo ale ak moun yo, te rantre anndan bis la epi fouye moun yo. Jeanty Tecieux pa t an mezi konfime ki gwoup gang ki ta komèt zak sila.

Fenomèn tire sou bis, fouye pasaje se pa yon bagay ki fèt pou premye fwa sou wout sa. Anpil chofè ak pasaje viktim de zak bandi sa yo.

Dekouvri plis:

Haiti – Assassinat du président : le commandant de l’USGPN, Dimitri Herald placé en isolement

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Éphéméride

Getting your Trinity Audio player ready... Les éphémérides du jour : les fêtes nationales, les événements marquant l’histoire d’Haïti, les proverbes… l’agence en ligne...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le journaliste et ancien Porte-parole de la Présidence Lucien Jura a été libéré ce jeudi après avoir été...

Insécurité

Getting your Trinity Audio player ready... Des individus armés ont kidnappé le Journaliste senior, Lucien Jura chez lui à Vivy Mitchell. Alors que les...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... L’archevêché de Port-au-Prince confirme la libération des six religieuses via une note. Dans une note officielle envoyée à...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile