Aktyalite AN KREYÒL

Akachon 32: Yo jwenn yon polisye ak tout pitit fi l mouri ak yon bal nan tèt yo chak.

Johnson Belizaire se non yon polisye 29è pwomosyon ki te afekte nan inite CBIM ke abitan nan Akachon 32, komin Kafou dekouvri ki mouri ak tout yon pitit fi l, kote yo chak resevwa yon bal nan tèt.

Aksyon sa pase nan lannuit jedi 1e jiyè a. Sitwayen zòn lan dekouvri kò 2 moun yo k ap benyen nan san yo. Zam polisye a te konn sèvi te sou yon kabann kote aksyon sa pase a.

Plizyè foto ak videyo ap sikile ki montre imaj Johnson Belizaire ak tout pitit fi l ke enfòmasyon ta lèse kwè ki gen 13 mwa sèlman.

Nan moman atik sa t ap ekri redaksyon an pa vrèman gen detay sou sa ki ta lakoz zak sa. Anpil enfòmasyon ap sikile kòmkwa polisye a ak madanm li te konn nan diskisyon chak tan. Gen enfo ki fè kwè tou se li ki tiye pitit la apre li tiye tèt pa l.

Rete ak lapolis epi lajistis pou pwodui ankèt epi fè limyè sou sa k pase a.

Dekouvri plis:

FHF: démission du président du Comité de normalisation, Jacques Letang

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Actualités

Séances de travail entre les membres du Conseil Présidentiel, le Haut-État-Major des FAD’H, de la PNH et de l’Unité de Sécurité du Palais National...

Actualités

Des individus armés s’affrontent avec des agents de la PNH sur le Champ de Mars, des blessés sont recensés. Des agents de la Police...

Sécurité

La PNH annonce l’arrestation de Jean Bernard Joseph pour son implication presumée dans le dossier relatif à la saisie d’armes et de munitions au...

Actualités

Petit-Goâve: un adolescent de 12 ans s’est suicidé avec une arme à feu Wilgens Kerry Jean Jacques, âgé de douze ans, s’est suicidé le...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile