Aktyalite AN KREYÒL

Bandi pran kontwòl komisarya Tomazo a epi mete dife ladan l

Nèg ak zam pran kontwòl komisarya Tomazo a epi mete dife ladan l.

Nèg ak zam san fwa ni lwa debake jodi mèkredi 4 oktòb 2023 a yo pran kontwòl komisarya a epi mete dife ladan l, daprè sa Lionel Lazarre, kwòdobatè Synapoha a konfime pou Juno7. Aksyon sa pase bò 2 è nan laprèmidi, polisye ki te nan espas la te getan ale men pou kounya sendikalis la fè konnen li poko gen nouvèl yo.

“Lè sa yo pase, se sou gwoup Pwomosyon polisye a li ap ekri di li anfòm. Men nou poko pale ak yo pou n konnen kijan sa ye”, se sa Lionel Lazarre deklare nan yon apèl telefonik ak redaksyon Juno7 la.

Atravè yon videyo, bandi yo ki ap mete dife nan komisarya a filme tèt yo pandan Aksyon an epi youn di ban m voye videyo sa bay lanmò. Enfòmasyon ta menm fè kwè se gwoup gang 400 Mawozo ki ta fè zak sa. Yon gwoup Lanmò San Jou ap dirije nan Kwadèboukè.

Devan komisarya a gen yon machin tou ki pa t epanye anba aksyon bandi yo ki pa sispann simen latwoublay nan mitan popilasyon an ak move zak y ap komèt chak jou ki jou.

N ap raple samdi 30 septanm ki te sot pase a, nèg ak zam te anvayi soukomisarya Onavil la epi mete dife ladan l. Sa te rive ak komisarya Sodo a jou ki te vandredi 22 septanm lan lè nèg Kanaran te atake vil la.

Dekouvri plis:

Le gouvernement en conseil des ministres accueille favorablement le vote de la résolution des Nations-unies sur la MSS

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Sports

D’Haïti à une finale de Ligue des Champions féminine, Melchie Daëlle Dumornay revient sur son parcours Pour UEFA.com, l’attaquante haïtienne Melchie Daëlle Dumornay, surnommée...

Musique

Le label Apache World Music de T-Jo Zenny met en lumière Pablo et Melo sur la scène musicale avec l’album « Apachidiz Volume 1...

Actualités

L’UEH entreprend des démarches pour récupérer les rançons exigées par les grandes puissances dans le passé Le Recteur Fritz Deshommes invite le Conseil Présidentiel...

République Dominicaine

Luis Abinader remporte les élections présidentielles dominicaines et brigue un second mandat de quatre ans Les citoyens dominicains se sont rendus le dimanche 19...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile