Aktyalite AN KREYÒL

Christian Aid Ministries deklare 12 otaj yo se sove yo sove anba men 400 Mawozo

Christian Aid Ministries deklare 12 otaj yo se sove yo sove anba men 400 Mawozo.

Jan Christian Aid Ministries te anonse sa sou sit entènèt yo y ap bay yon konferans pou laprès, jodia responsab estrikti relijye sa yo bay konferans lan epi revele rès 12 otaj etranje ki te toujou nan men gwoup ame 400 Mawozo se sove yo te sove, selon sa pòt pawòl Christian Aid Ministries an, Weston Showalter, deklare nan mikwo medya etranje jodi lendi 20 desanm lan.

Nan eksplikasyon li yo, responsabl la fè konnen 12 otaj yo te mache nan mitan lannuit san limyè, sèl lalin yo te gen sou tèt yo pou klere yo epi klere chimen yo. Daprè mesye Showalter te gen ti bebe ak timoun pami otaj yo ki t ap mache pou chape poul yo.

Yo te mache pandan anpil èd tan nan lannuit sa jistan li ta pral jou sou yo. Se moman sa, yo te jwenn yon bon pwochen ki te deside rele yon moun pou yo pou ede yo, si n kwè pòt pawòl Christian Aid Ministries lan.

Aprè revelasyon sa anpil moun ap mande kijan sa fè posib pou yo sove. Gen moun ki pa janm arive kwè nan koze anlèvman otaj sa yo, gen moun tou ki jis ap obsève sa k ap pase epi k ap di atravè medya.

Dekouvri plis:

Jean Ronald Joseph installé comme nouveau DG du FNE

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Éphéméride

Les éphémérides du jour : les fêtes nationales, les événements marquant l’histoire d’Haïti, les proverbes… l’agence en ligne Juno7 vous apporte un rafraîchissement de...

Actualités

Addison Pierre Maalouf, un célèbre youtubeur américain d’origine libanaise, kidnappé en Haïti par le gang 400 Mawozo qui réclame une rançon de 600.000 dollars...

Actualités

Le journaliste et ancien Porte-parole de la Présidence Lucien Jura a été libéré ce jeudi après avoir été enlevé au début de cette semaine...

Insécurité

Des individus armés ont kidnappé le Journaliste senior, Lucien Jura chez lui à Vivy Mitchell. Alors que les gangs armés ne cessent de poser...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile