Aktyalite AN KREYÒL

Klima tansyon an ap pèsiste nan plizyè katye nan rejyon metwopolitèn lan

Klima tansyon an toujou ap pèsiste nan plizyè zòn nan rejyon metwopolitèn lan.

Sitiyasyon k ap devlope depi jedi 18 janvye 2024 a nan plizyè zòn nan rejyon metwopolitèn lan ap kontinye. Nan avni John Brown, repòtè nou toujou remake kawotchou k ap boule sou wout la, sa ki bloke trafik la nèt. Menm sitiyasyon an sou Nazon, Klèsin, Dèlma 24, 32 ak 40B.

Nan Clercine, ki pa lwen baz Brigad Entèvansyon Motorize a, moun yo pa rive idantifye te voye gaz lakrimojèn, sa ki te kreye yon van panik nan zòn nan. Sou Boulva 15 oktòb la, yon sous konfime pou Juno7 ke moun te entimide komèsan yo nan fòse yo kite zòn nan. Sous nou an te konfime tou ke nan Klèsin 22, moun ki gen gwo zam te bloke trafik la.

Konsènan reyaksyon, yon sitwayen ki abite nan Solino konfime ke manm gwoup gang Bèlè a ki dirije pa Kempès Sanon kontinye atak kont zòn nan. “Si sitiyasyon an pa pi mal pou jounen jodi a, se gras a efò polisye yo ki abite nan zòn nan”, li souliye pandan li kritike otorite gouvènman an plas yo ki pa di yon mo.

Yon lòt rezidan nou kontakte presize ke li abandone kay li depi Mèkredi 17 janvye nan aswè. “Mwen te reziste anpil men mwen gen yon fanmi sou responsablite mwen e mwen dwe pwoteje manm yo nan fanmi sa a” se sa li te deklare ak anpil tristès. Li enfòme ke malfra yo tou mete dife nan kay li a Jedi nan maten an. “Yo boule senk ane efò mwen.”

Fòk nou note ke pandan n ap ekri atik sa a, gwo kout zam te kontinye ap chante nan Solino, Dèlma 24, 22, Kafou Péan. Devan sitiyasyon tansyon sa a, sitwayen yo te oblije pran refij pa lwen kote yo te jwenn kadav Evelyne Sincère sou wout Nazon an.

Dekouvri plis:

Un “lock-down” se dessine au centre-ville de Port-au-Prince

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Politique

À l’occasion du 221ème anniversaire du drapeau national, Jean Henry Céant prône un nouveau Congrès pour faire face à l’urgence de la paix Dans...

Insécurité

Des gangs ont démoli dans la nuit du 17 au 18 mai la prison civile de Titanyen et le commissariat de police de la...

Actualités

La fête du bicolore haïtien, une célébration de l’identité nationale. Chaque année, le 18 mai, Haïti célèbre la fête du drapeau, un événement marqué...

Actualités

Des enseignants de l’Ouest honorés par la DDEO lors de la journée nationale des enseignants. En cette Journée nationale de l’enseignant célébrée chaque 17...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile