Santé

Kowonaviris: Prezidan kou kasyon an, jij René Sylvestre teste pozitif

Prezidan kou kasasyon an, jij René Sylvestre teste pozitif nan kowonaviris, daprè sa redaksyon Juno7 la aprann.

Jij René Sylvestre twouve l aktyèlman nan lopital Sen Lik ki se yon sant ki trete moun ki genyen maladi a.

Dèfwa sitiyasyon mesye Sylvestre estab, konsa tou li konn dejenere paske li konn gen difikilte pou respire lè nivo oksijèn li bese, selon sa redaksyon an rekeyi kòm dènye enfo.

Fas ak sitiyasyon sa, gen demach k ap fèt jodia pou yon avyon anbilans ta vin pran l pou ale avè l nan peyi etranje, yon fason pou ba l swen ka l merite.

Maladi kowonaviris getan frape anpil gwo pèsonalite pa bò isit. Genyen li pote ale, gen lòt li mete kouche ap pran swen, sa ki ta lèse moun ap kesyone sa k fè anpil gwo tèt nan aparèy Leta a ap malad konsa pa viris la. Toutfwa, nou p ap sispann ankouraje moun pote kachnen oubyen mask, limite deplasman, lave men, pran pa distans, evite foul moun, respekte tout jès baryè paske kowonaviris la reyèl.

Dekouvri plis:

Port-de-Paix et la Gonave parmi les zones les plus menacées par la faim, selon un rapport de la CNSA

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Santé

COVID-19-Haiti : le port du masque n’est plus obligatoire en plein air, annonce le Ministère de la Santé Publique et de la Population (MSPP)...

Santé

“Ti fyèv, ti tous ak kò fè mal” kontinye ap layite kò l lakay anpil moun. Sa fè anviwon yon mwa ak kèk jou...

Santé

Kowonaviris: aprè 28 jou nan koma, yon enfimyè reveye aprè yo fin ba l vyagra. Mónica Almeida se non yon pòtigèz 37 lane ki...

Santé

Covid-19: l’USAID fait don de 250 bouteilles d’oxygène au Ministère de la Santé Publique et de la Population d’Haïti (MSPP) L’Agence américaine pour le...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile