Aktyalite AN KREYÒL

Lapolis anonse operasyon distribisyon gaz la kòmanse nan Tèminal Vare

Polis Nasyonal Dayiti anonse operasyon distribisyon gaz la kòmanse nan Tèminal Vare.

Nan yon nòt Biwo Kowòdinasyon près ak relasyon piblik lapolis la met deyò, li fè konnen operasyon distribisyon gaz la kòmanse nan Tèminal Vare kote gen plizyè kamyon sitèn ki kite espas la sou eskòt polisye pou kapab ale ranpli ponp yo nan jou k ap vini la yo.

“Jan li te pran angajman, Lapolis Nasyonal kòmanse fasilite operasyon distribisyon gaz la nan nivo Tèminal Vare jodi madi 8 novanm nan. Gen plizyè tankè gaz ki rive sòti sou gwo eskòt polisyè pou ale ranpli ponp yo ki dwe demare distribisyon yo bay konsomatè yo nan jou kap vini yo”, se sa ki ekri nan kominike pou laprès sa.

Lapolis fè konnen rezilta sa rive posib gras ak batay inite li yo mennen anfas nèg ak zam ki panse yo te ka toujou bloke zòn Vare a. “Gras ak nouvo blennde Leta ayisyen te kòmande epi ki vin ranfòse kapasite operasyonèl inite espesyalize tankou SWAT, UTAG, UDMO, CIMO, BOID lapolis rive repran kontwòl espas sa.”

Inite anjen lou nan lapolis la pandan operasyon yo rive bouche gwo twou endividi yo te fè pou anpeche gaz la pase, daprè sa k di nan kominike a. “Lapolis te detwi konplètman traktè sa bandi yo te konn itilize pou sa epi operatè ki te konn kondwi l la mouri nan echanj kout zam pandan operasyon yo”, daprè sa kominike endike.

PNH la rasire l ap kontinye konsolide prezans li nan perimèt Vare a pou anpeche bandi pran kontwòl espas estratejik sa pandan l pwofite mande kolaborasyon chak grenn moun nan mitan popilasyon an.

N ap raple ministè komès anonse ponp yo ap resevwa gaz 9, 10 ak 11 epi l ap disponib pou konsomatè yo samdi 12 novanm k ap vini la.

Dekouvri plis:

57e anniversaire de l’ONA : le DG Jemley Jean-Baptiste entend continuer à moderniser et renforcer l’institution

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Actualités

Séances de travail entre les membres du Conseil Présidentiel, le Haut-État-Major des FAD’H, de la PNH et de l’Unité de Sécurité du Palais National...

Actualités

Des individus armés s’affrontent avec des agents de la PNH sur le Champ de Mars, des blessés sont recensés. Des agents de la Police...

Sécurité

La PNH annonce l’arrestation de Jean Bernard Joseph pour son implication presumée dans le dossier relatif à la saisie d’armes et de munitions au...

Sécurité

Saisie d’armes et de minutions au port du Cap-Haïtien: Wilmane Jean et Barthol activement recherchés par la Police nationale d’Haïti Dans un communiqué publié...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile