Économie

Moïse Jean-Charles anonse li pral lanse yon lajan elektwonik ki pote non “Bitgoud”

Nan yon konferans pou laprès, lidè Pitit Desalin lan Moïse Jean-Charles mande popilasyon an pou kanpe an kwa kont koze referandòm Jovenel Moïse la epi anonse l ap pare pou lanse nan 2 a 3 mwa yon lajan elektwonik ki rele Bitgoud.

Byen avan li te pale sou koze lajan an, ansyen kandida pou pòs prezidan an mande popilasyon an pou brile materyèl ki la pou referandòm yo epi di pou mete nan menm panye moun ki ap pare pou lwe Jovenel Moïse kay pou òganize referandòm.

“Kèlkeswa kote w twouve w, depi nou wè yon sitwayen ki lwe Jovenel Moïse kay pou òganize referandòm, mete moun sa nan menm panye ak Jovenel Moïse, menm sò ki rezève ak Jovenel Moïse lan moun sa ap peye l menm jan. Moun nan katye yo depi nou wè g on lekòl nasyonal, g on lise, g on kolèj, oubyen nenpòt ki enstitisyon Leta, m pa di brile l nou bezwen l, men pase pran tout materyèl yo mete yo brile yo”.

Moïse Jean-Charles estime ke referandòm sa pa gen anyen pou wè ak rezoud pwoblèm sosyal yo men pito selon sa l di pou pèmèt entènasyonal la rekipere tout  resous peyi a. Ansyen Majistra Milo a kwè tou koze referandòm lan se pou pwoteje moun tèt kale yo  ak moun ki gaspiye lajan petwokaribe a.

Bitgoud, lajan elektwonik Moïse Jean-Charles ap pare pou lanse a

Moïse Jean-Charles nan kad entèvansyon l yo anonse nan twa mwa l ap pare pou lanse lajan elektwonik k ap rele “Bitgoud”.

Ide sa daprè MJC, se pou kite koze dola a bay moun yo selon sa l di ki pa sispann monte dola a lè yo vle. Li di li konstate tou moun se sou fwontyè peyi a y al chache dola a, klas mwayèn lan pòv jou sa yo, moun lan pa ka jwenn dola pou regle afè l, gwo mesye li kalifye gran gòj pran dola a, sa pouse lidè a panse vin ak monè elektwonik sa.

Moïse Jean-Charles san bay twòp detay sou koze lajan elektwonik lan rasire sistèm Pitit Desalin pral met an plas ap pèmèt moun android, IPhone, “ede m peze”, menm moun ki pa gen telefòn kapab fè tranzaksyon.

Moïse Jean-Charles fè konnen tou menm kat kredi ak kat prepeye y ap ofri popilasyon an toujou nan kad pwojè sa ki daprè li menm pral fè nèg (advèsè yo) kriye.

Moïse Jean-Charles fè rapèl Franck Ciné ansyen direktè SOKABANK ak Guyto Chery ansyen direktè BNC li di ki te sibi   anpil pwoblèm kote premye a te pran prizon epi pèdi tout byen l, dezyèm lan yo te asasinen l. Rapèl sa yo se pou Moïse Jean-Charles fè tout moun konnen li ka sibi menas pou pwojè lajan elektwonik sa paske selon li gen yon ti gwoup anndan peyi a ki pa dakò tout moun jwenn.

Dekouvri plis:

La Covid-19, un obstacle potentiel à la réalisation du référendum, selon le porte-parole du CEP

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile