Aktyalite AN KREYÒL

Minis Nesmy Manigat distribye plizyè lo “Liv inik an kreyòl ayisyen” bay lekòl nan Dèlma ak Site Solèy

Direktè lekòl Dèlma ak Site Solèy resevwa plizyè lo “Liv inik an kreyòl ayisyen” nan men minis Nesmy Manigat.

Plizyè dizèn direktè lekòl ki sòti nan distri eskolè Dèlma ak Site-Solèy resevwa jodi lendi 7 out nan men minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, plizyè lo “Liv inik an kreyòl ayisyen” pou elèv premye ak dezyèm ane fondamantal. Liv sa yo pral jwenn paran yo nan non elèv ki pral nan de klas sa yo.

Distribisyon sila ki te fèt nan Repiblik Kanada antre nan kad preparatif k ap fèt pou ane akademik 2023-2024 la, dapre yon kominike ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl.

Globalman, ministè a ap genyen pou li distribiye, nan yon premye moman, 12,000 liv nan de distri eskolè sa yo. Nan depatman lwès la, operasyon distribisyon sila la ap rapousuiv nan 14 lòt distri eskolè yo tankou Taba, Kwadèboukè, Lagonav, Kafou ak Gantye. Menm operasyon ap gen pou li deplòtonnen nan 9 lòt direksyon depatmantal edikasyon yo, dapre MENFP.

Nan entèvansyon li fè nan okazyon an, minis Nesmy Manigat di li gen fèm konviksyon distribisyon gratis “Liv inik an kreyòl ayisyen” reprezante yon gwo soulajman pou paran yo kote majorite ladan yo ap fè fas ak gwo difikilte pou prepare timoun yo pou rantre lekòl la.

Anplis avantaj sosyal yo, minis Nesmy Manigat te mete aksan sou avantaj pedagojik yo, sitou lè li konsidere liv sa a ap fasilite tout elèv premye ak dezyèm ane fondamantal, nan kelkeswa lekòl yo ye, nenpòt kote anndan peyi a, suiv menm pwogram eskolè a.

Dekouvri plis:

13 Haïtiens meurent dans un accident de la circulation en République dominicaine

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Éducation

Journée nationale de l’enseignant en Haïti : un hommage aux enseignants et l’annonce de nouveaux outils pour renforcer le métier de l’enseignement. À l’occasion...

Actualités

Célébration du drapeau au Cap-Haïtien: le ministre Nesmy Manigat a visité l’atelier de confection à l’institution du Sacré-Cœur Une large mobilisation a déjà été...

Éducation

Quelques écoles rouvrent à Port-au-Prince après plus d’un mois de fermeture due à la violence des gangs Après plus d’un mois de fermeture occasionnée...

Actualités

Le MENFP suspend le permis de diriger et le permis d’enseigner d’un directeur d’école dans le Nord-Est pour violences sur une écolière Le Ministère...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile