An kreyòl

Okap: kowòdinasyon Nò Matris Liberasyon pwopoze ak Leta senk mezi aprè eksplozyon an

Okap: kowòdinasyon Nò Matris Liberasyon pwopoze ak Leta senk mezi aprè eksplozyon an.

Kowòdinasyon Nò pati politik Matris Liberasyon anndan yon nòt ki pote dat 16 desanm 2021, prezante senpati l ak blese yo epi fanmi ak pwòch moun ki mouri pandan Kowòdinasyon an te tou pwofite atravè 5 pwen mande Leta pran plizyè mezi aprè eksplozyon sa ki mete dlo nan je anpil moun.

Anndan premye mezi sa, estrikti a mande pou Leta pran bon jan dispozisyon pou bay swen ak blese yo ki kouche sou kabann lopital. Nan dezyèm mezi a, kowòdinasyon Matris Liberasyon mande pou Leta a bay akonpayman sikolojik ak moun ki t ap viv trajedi sa nan gade yon fanmi, yon zanmi, oubyen yon enkoni ki t ap brile anba eksplozyon kamyon sitèn sa.

Nan twazyèm pwen an, estrikti politik la swete Leta akonpaye rapid vit reskape yo nan ba yo rad, manje, dlo ak abri pwovizwa annatandan Leta pran tout dispozisyon pou konstwi kay pou yo atravè EPPLS.

Nan katriyèm pwen nan demann lan, Kowòdinasyon Nò pati a ekri nwa sou blan pou l di: “Pou Leta rann disponib pwodwi petwolye yo, pran bon jan dispozisyon pou entèdi epi fwape sou tout fòm moun kap fè pratik estoke ak vann gaz nan lari ou anba chal nan tout peyi a”.

Dènye pwen estrikti a plis konsène sitwayen yo kote pati politik la mande yon angajman sitwayen bò kote chak moun pou yo rete vijilan nan veye epi denonse moun k ap fè depo gaz nan katye bò lakay yo.

N ap raple w plis pase 60 moun mouri nan zòn Lafòsèt, vil Okap, nan lannwit 13 pou louvri 14 desanm, aprè yon eksplozyon kamyon sitèn ki t ap pote gaz.

Dekouvri plis:

Deux entités sociales ont lancé un projet de paix en faveur d’Haïti

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile