Aktyalite AN KREYÒL

Yon sitiyasyon panik te redemare yon lòt fwa ankò sou wout Ayewopò a, jodi vandredi 18 jen an.

Yon sitiyasyon panik te redemare yon lòt fwa ankò sou wout Ayewopò a, jodi vandredi 18 jen an.

Selon enfòmasyon ki te rive jwenn redaksyon an, endividi ame te prezan sou wout sa. Anpil detonasyon te arive fèt, sa ki ta pral kreye panik sou wout ayewopò la, menm biznis te oblije fèmen pòt yo.

Redaksyon Juno7 te rantre an kontak ak yon wo grade anndan lapolis la ki enfòme nou gen inite espesyalize ki deplwaye sou wout Ayewopò a pou fè sitiyasyon an retounen kalm.

Lendi pase a, nèg ak zam te fè menm demonstrasyon sa sou wout Ayewopò, antre nan Bermahn, panike anplwaye, bay iltimatòm pou tout biznis te fèmen nan zòn lan, lapolis te entèvni epi repouse yo pou te ka pran kontwòl sitiyasyon an.

Depi yè pou jous maten an ba Dèlma pa bon kote se pil tire, moun ap kite lakay yo, selon temwanyaj plizyè moun. Selon menm responsab anndan PNH la, plizyè inite nan lapolis la ap mennen operasyon nan nivo Dèlma 2,4 ak 6.

N ap raple w Gasley Limage yon polisye ki afekte nan CIMO, ki se 29èm pwomosyon arive mouri nan nivo ba Dèlma yè apre l fin resevwa yon katouch dèyè tèt pandan l te twouve l nan yon patwouy polis, selon tout dènye enfo yo.

Dekouvri plis:

Rareté de carburant: l’ANAPROSS s’en lave les mains

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Actualités

Séances de travail entre les membres du Conseil Présidentiel, le Haut-État-Major des FAD’H, de la PNH et de l’Unité de Sécurité du Palais National...

Actualités

Des individus armés s’affrontent avec des agents de la PNH sur le Champ de Mars, des blessés sont recensés. Des agents de la Police...

Sécurité

La PNH annonce l’arrestation de Jean Bernard Joseph pour son implication presumée dans le dossier relatif à la saisie d’armes et de munitions au...

Sécurité

Saisie d’armes et de minutions au port du Cap-Haïtien: Wilmane Jean et Barthol activement recherchés par la Police nationale d’Haïti Dans un communiqué publié...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile