Aktyalite AN KREYÒL

Pou pwoteste kont “ajisteman” pri gaz la, kèk chofè bloke wout Dèlma 60 ak Boudon

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Pou pwoteste kont “ajisteman” pri gaz la, kèk chofè bloke wout Dèlma 60 ak Boudon.

Kèk chofè transpò piblik mete tèt yo ansanm jodi lendi 13 desanm 2021 an pou pwoteste kont desizyon gouvènman an ki chwazi ajiste pri gaz la sou mache a pandan l pa panche sou pri kous machin yo. Sa ki ta mete anpil chofè an kòlè depi vandredi 10 desanm 2021.

Nan sans sa, chofè yo mete machin yo kanpe an kwa nan rantre Dèlma 60 ak sou wout Boudon an. Sitiyasyon sa lakoz sikilasyon an vin enposib nan moman atik la t ap fèt la.

Chofè pwotestatè yo ap mande pou gaz la desanm oubyen pou gouvènman an panche sou pri kous yo paske selon sa yo di pasaje nan diskisyon ak yo akoz yo deside pou kont yo monte pri kous machin yo.

Depi vandredi 10 desanm 2021, desizyon gouvènman an rantre an aplikasyon sou koze ajisteman pri gaz la sou mache lokal la . Sa ki te fè yon gwoup moun te pran lari vandredi pase a pou mande desann pri gaz la.

Dekouvri plis:

Le Conseil National de Transition (CNT) installé

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Actualités

Ravitaillement en carburant à Port-au-Prince: files d’attente dans les stations-service alors que la livraison reprend au Terminal Varreux Depuis plusieurs jours, les habitants de...

Actualités

Petit-Goâve: des membres de la population de Petit-Goâve ont manifesté ce jeudi contre la cherté de la vie et la mort d’un jeune garçon....

Transport

Le navire MT Nord Majestic a accosté le samedi 15 avril au Terminal Varreux avec 149 000 barils de pétrole. Le MT Nord Majestic...

Transport

164 camions-citernes ont été chargés au Terminal Varreux les 12 et 13 décembre alors que les produits pétroliers ne sont pas disponibles pour les...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile