Aktyalite AN KREYÒL

Elèv nevyèm ane yo gen chwa konpoze an fransè oubyen an kreyòl

Elèv nevyèm ane yo gen chwa fè egzamen yo an fransè oubyen an kreyòl.

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl pran yon gwo desizyon nan sa k gen pou wè ak egzamen ofisyèl nevyèm ane. Minis Nesmy Manigat nan kad yon konferans li bay jodi jedi 15 jen an, anonse elèv yo gen chwa konpoze an fransè oubyen an kreyòl eksepte matyè lang yo tankou Anglè, espayòl ak fransè.

“Youn nan lòt gwo desizyon minis Manigat anonse pandan konferans pou laprès sa a gen pou wè ak posibilite yon elèv ap genyen pou li konpoze pandan egzamen ofisyèl 9yèm ane fondamantal yo an fransè oubyen an kreyòl. Anwetan disiplin tankou anglè, espayòl ak fransè, tout lòt tèks egzamen yo ap disponib an kreyòl ou byen an fransè. Se kandida a li menm k ap gen pou chwazi”, se sa biwo ministè edikasyon nasyonal la rapòte nan yon nòt.

Nesmy Manigat pou montre rezon desizyon sa pran fè konnen se pou li kapab fè respekte, san patipri, kourikoulòm lekòl fondamantal la, yon fason pou tout matyè ki nan kourikoulòm nan yo anseye yo tout bon vre nan lekòl yo. Sa ki kapab ede jenn yo develope tout konpetans yo dwe develope epi kontribiye nan devlopaman ekonomi peyi a pandan y ap konsolide kilti nasyonal la.

Lòt desizyon ki pran se kowefisyan yo ki ogmante kote Kreyòl pase de 200 a 300. Se menm bagay la pou Syans sosyal – ki gen ladann Edikasyon sou sitwayènte -, ak Syans eksperimantal ; kowefisyan yo tou pase de 200 a 300.

Dekouvri plis:

Le Canada implantera cet été, en République dominicaine, une cellule de coordination de l’aide à la sécurité en faveur d’Haïti

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Éducation

Quelques écoles rouvrent à Port-au-Prince après plus d’un mois de fermeture due à la violence des gangs Après plus d’un mois de fermeture occasionnée...

Actualités

Le MENFP suspend le permis de diriger et le permis d’enseigner d’un directeur d’école dans le Nord-Est pour violences sur une écolière Le Ministère...

Éducation

Le MENFP annonce la disponibilité des relevés de notes finales et souligne l’importance de la numérisation des données scolaires Le Ministère de l’Éducation Nationale...

Éducation

L’éducation devient depuis plus d’un mois une victime silencieuse de cette escalade de violence dans la région métropolitaine de Port-au-Prince La violence des gangs...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile