Aktyalite AN KREYÒL

MENFP kondane atak ki fèt sou yon lekòl nan Lyankou ki lakoz yon elèv mouri pa bal

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl kondane atak ki fèt sou yon lekòl nan Lyankou ki lakoz yon elèv pèdi lavi l.

Nan yon nòt biwo Kominikasyon l mete deyò, ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl di li kondane atak ki fèt madi 7 fevriye a sou yon lekòl nan Lyankou kote yon elèv ki rele Alfred Fedins ki gen 10 lane mouri aprè l te fin resevwa yon bal pandan l nan klas li.

“Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) kondane ak tout fòs li zak briganday ak atak sou lekòl ki fèt nan komin Lyankou (depatman Latibonit) kote yon elèv blese e rive mouri apre li te resevwa yon bal pandan li te sal klas li. Alfred Fedins, ki gen 10 lane, yon elèv 4yèm ane fondamantal, pèdi lavi l apre li te resevwa yon bal pandan li te sal klas li, jou ki te madi 7 fevriye a. Malgre tout efò ki te fèt pou kouri mennen elèv sa a lopital, li pa t rive sove”, se sa MENFP ekri nan nòt sa ki disponib sou paj Facebook li.

Daprè enfòmasyon ki rive jwenn jounal la, se nèg ak zam ki atake popilasyon an ki te anpeche yo vòlè yon kamyon gaz ki lakoz ti gason 4èm ane sa mouri pandan l nan klas li. Enfòmasyon yo lèse kwè gen plizyè lòt moun ki blese.

Depi asasina 6 polisye yo, nèg ak zam baz Gran Grif k ap opere nan Savyen pa sispann mete laperèz nan mitan popilasyon an. Plizyè videyo k ap sikile dènye jou sa yo montre fason y ap eseye pran yon kamyon.

Toutfwa, Ministè a swete timoun yo jwenn pwoteksyon nan kèlkeswa sikonstans lan. “Ministè a p ap sispann di tout timoun gen dwa pou ale lekòl, aprann san kè sote e jwenn pwoteksyon tout sosyete a nan kèlkeswa sikonstans la.”

N ap raple se nan Lyankou 6 polisye yo te mouri asasine mèkredi 25 janvye pase a kote nèg ak zam baz Gran Grif te atake komisarya a. Yon krim ki te soulve kòlè anpil polisye anndan peyi a ki te pwoteste epi mande pi bon jan kondisyon.

Dekouvri plis:

Une centaine de migrants haïtiens accostent en Floride ce 9 février

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Éducation

Quelques écoles rouvrent à Port-au-Prince après plus d’un mois de fermeture due à la violence des gangs Après plus d’un mois de fermeture occasionnée...

Actualités

Le MENFP suspend le permis de diriger et le permis d’enseigner d’un directeur d’école dans le Nord-Est pour violences sur une écolière Le Ministère...

Éducation

Le MENFP annonce la disponibilité des relevés de notes finales et souligne l’importance de la numérisation des données scolaires Le Ministère de l’Éducation Nationale...

Éducation

L’éducation devient depuis plus d’un mois une victime silencieuse de cette escalade de violence dans la région métropolitaine de Port-au-Prince La violence des gangs...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile