Aktyalite AN KREYÒL

MENFP kondane zak sasinay sou Jean Louis Samuel, yon elèv lise Kafoufèy

Ministè Edikasyon Nasyonal kondane zak sasinay sou Jean Louis Samuel, yon elèv segondè 1 nan Kafoufèy.

Nan yon kominike pou laprès li pibliye jounen jodi a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl di li aprann avèk anpil lapèn yon elèv lise Kafoufèy ki nan segondè 1, Jean Louis Samuel, tonbe anba bal pandan l tap soti lekòl jou ki te mèkredi 24 me a.

MENFP di li « kondane ak tout fòs li zak sasinay sila a sou jèn sa a ki t ap chache wout lakonesans, bandi san fwa ni lwa etenn souf li »

« Yon lòt fwa ankò, Ministè a leve vwa l byen wo pou l di lavi tout moun konte e li enpòtan pou nou pwoteje lavi, sitou timoun ki pral lekòl ki se avni peyi a », ministè a rapousuiv.

Pi devan, MENFP di li voye senpati l bay tout moun ki viktim nan zak brigandaj sila a ki pase nan Kafoufèy, sitou fanmi elèv sila a, zanmi l ak kamarad lekòl li.

Jounen mèkredi 24 me a, katye Kafoufèy te cho anpil. Moun ki abite nan zòn nan te kapab tande bri zam k ap tire nan zòn midi lè peyi Ayiti. Enfòmasyon ki disponib fè kwè gen moun blese anplis Jean Louis Samuel ki pèdi lavi l.

En savoir plus:

L’UNESCO annonce l’inscription des documents, soumis par Haïti et la France, identifiant les esclaves dans les anciennes colonies françaises

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Éducation

Quelques écoles rouvrent à Port-au-Prince après plus d’un mois de fermeture due à la violence des gangs Après plus d’un mois de fermeture occasionnée...

Actualités

Le MENFP suspend le permis de diriger et le permis d’enseigner d’un directeur d’école dans le Nord-Est pour violences sur une écolière Le Ministère...

Éducation

Le MENFP annonce la disponibilité des relevés de notes finales et souligne l’importance de la numérisation des données scolaires Le Ministère de l’Éducation Nationale...

Éducation

L’éducation devient depuis plus d’un mois une victime silencieuse de cette escalade de violence dans la région métropolitaine de Port-au-Prince La violence des gangs...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile