Aktyalite AN KREYÒL

MENFP retire pèmi anseye Philippe Decossard poutèt akizasyon vyòl sou yon elèv li

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl retire pwovizwaman pèmi anseye Philippe Decossard poutèt akizasyon vyòl sou elèv li.

Ministè Edikasyon Nasyonal (MENFP) nan yon nòt li mete deyò jodi vandredi 16 jen an, anonse li retire pwovizwaman pèmi anseye Philippe Decossard paske lajistis arete l pou akizasyon vyòl sou yon elèv li nan yon lekòl nan Dichiti, depatman Grandans.

“Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl pran desizyon pou retire pwovizwaman Pèmi anseye Philippe Decossard poutèt lajistis arete l pou akizasyon vyòl sou yon ti jenn fi minè ki se elèv li nan yon lekòl nan komin Dichiti, nan depatman Grandans”, se sa ki ekri nan nòt la.

Otorite MENFP yo fè konnen desizyon sa pran pou ret tann lajistis trete dosye a ak bay santans li nan ka sa a.

Ministè Edikasyon Nasyonal tou pwofite raple ak ajan edikatif yo pou kontinye sansibilize sou aplikasyon kòd konduit la nan lekòl yo.

MENFP fè konnen dwa timoun yo dwe pwoteje ak Diyite anndan lekòl yo epi souliye se responsabilite chak ajan edikatif.

En savoir plus:

Aucune autorisation n’a été accordée pour l’installation en RD d’un bureau de coordination de l’aide à la sécurité en faveur d’Haïti

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Quelques écoles rouvrent à Port-au-Prince après plus d’un mois de fermeture due à la violence des gangs Après...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le MENFP suspend le permis de diriger et le permis d’enseigner d’un directeur d’école dans le Nord-Est pour...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Le MENFP annonce la disponibilité des relevés de notes finales et souligne l’importance de la numérisation des données...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... L’éducation devient depuis plus d’un mois une victime silencieuse de cette escalade de violence dans la région métropolitaine...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile