Aktyalite AN KREYÒL

MENFP fè konnen Sant pèmanan evalyasyon an ap jere planifikasyon egzamen Leta yo pou tout zòn difisil

MENFP anonse Sant pèmanan evalyasyon an ap jere planifikasyon egzamen Leta yo pou tout zòn difisil anndan peyi a

Nan yon kominike, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl fè konnen l ap pran tout dispozisyon pou Sant pèmanan evalyasyon an kapab òganize egzamen Leta yo pou tout zòn difisil anndan peyi, sitou nan depatman Lwès la kote anpil lekòl pa fonksyone akoz sitiyasyon vyolans gang nan plizyè zòn nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan.

“MENFP ap bay asirans ak tout ajan edikatif yo, espesyalman direktè lekòl yo ak paran yo, l ap pran tout dispozisyon pou pèmèt Sant Pèmanan Evalyasyon an òganize egzamen Leta yo pou zòn ki ta gen difikilte, tankou kèk komin nan depatman Lwès la ak Latibonit”, se sa ki di nan nòt sa ki disponib sou sit Ministè Kominikasyon.

MENFP rasire elèv yo pou yo tèt frèt, sitou elèv nan Pòtoprens ak kèk kote nan Latibonit. Li fè yo konnen yo p ap dòmi deyò nan egzamen k ap gen pou fèt yo. Nòt la di, Ministè a “deja pran tout dispozisyon pou Sant Pèmanan Evalyasyon an jwe wòl li, kòmsadwa, nan tèt kole ak Biwo Nasyonal Egzamen Leta a, nan prepare egzamen Leta pou kote sa pa ta rive fèt, jan sa prevwa nan finisman mwa jiyè ak komansman mwa out la, dapre nouvo kalandriye reyamenaje a ministè a.”

N ap raple w nouvo kalandriye MENFP a pou pwochen egzamen Leta yo pibliye konsa: soti 22 pou rive 24 jiyè : egzamen 9yèm ane, soti 22 pou rive 26 jiyè : Egzamen Lekòl Nòmal enstititè yo, soti 22 pou rive 26 Jiyè : Egzamen Sant Edikasyon pou Fanmi epi soti 5 pou rive 8 dawout : Egzamen bakaloreya.

Li tou :

Et si la question de la réconciliation nationale en Haïti trouve un début de réponse au sein du Conseil Présidentiel ?

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Quelques écoles rouvrent à Port-au-Prince après plus d’un mois de fermeture due à la violence des gangs Après...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le MENFP suspend le permis de diriger et le permis d’enseigner d’un directeur d’école dans le Nord-Est pour...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Le MENFP annonce la disponibilité des relevés de notes finales et souligne l’importance de la numérisation des données...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... L’éducation devient depuis plus d’un mois une victime silencieuse de cette escalade de violence dans la région métropolitaine...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile