Aktyalite AN KREYÒL

Resansman an liy: plis pase 10 000 lekòl enskri sou sit MENFP a

Resansman an liy 2023: plis pase 10 000 lekòl getan enskri sou sit Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la.

Minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, atravè yon tablo byen detaye li prezante vendredi 21 avril la, anonse gen 10 139 lekòl ki getan enskri nan kad resansman an liy ministè l ap dirije a met sou pye. Se depatman Lwès ki bay plis lekòl ki enskri.

“Resansman an liy 2023 MENFP HAITI Officiel depase chif 10 000 lekòl ki anrejistre tèt yo sou platfòm la. Se premye gwo pa pou mete an plas rejis nasyonal Lekòl-Anseyan-Elèv, epi pou akredite lekòl ki ranpli kondisyon yo. Lekòl ki anrejistre e ki jwen otorizasyon dwe komanse enskri an liy elèv pou egzamen 9è AF jiska 7 me 2023 pou pi ta”, se sa minis edikasyon an deklare sou paj Facebook li pou te anonse nouvèl la.

Depatman Lwès genyen 3 378 lekòl ki getan enskri. 2 lòt depatman ki swiv li se Latibonit ak Nò ki genyen yo chak 1 549 ak 1 033 elèv. Depatman ki gen pi piti chif la se Nòdès ak 418 senpman.

Depi lekòl yo fin fè anrejistreman an liy lan y ap ka tou kòmanse enskri elèv yo sou sit MENFP a pou egzamen 9è AF. Enskripsyon sa yo demare 14 avril y ap bout 7 me. Pou operasyon deklarasyon an liy lan, li te demare pou lekòl prive tankou piblik 27 mas pase a, li ap vandredi k ap 28 avril la.

Pwosesis sa ap pèmèt responsab yo jwenn pèmi fonksyònman pou dirije, anseye ak enskri timoun nan egzamen Leta. Si yon lekòl pa anrejistre, li p ap ka enskri timoun pou egzamen ofisyèl yo.

N ap raple premye lekòl ki te enskri sou platfòm lan se enstitisyon Vision Moderne ki chita nan Tomazo.

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce samedi 22 avril 2023

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Actualités

Le MENFP suspend le permis de diriger et le permis d’enseigner d’un directeur d’école dans le Nord-Est pour violences sur une écolière Le Ministère...

Éducation

Le MENFP annonce la disponibilité des relevés de notes finales et souligne l’importance de la numérisation des données scolaires Le Ministère de l’Éducation Nationale...

Éducation

L’éducation devient depuis plus d’un mois une victime silencieuse de cette escalade de violence dans la région métropolitaine de Port-au-Prince La violence des gangs...

Aktyalite AN KREYÒL

MENFP anonse Sant pèmanan evalyasyon an ap jere planifikasyon egzamen Leta yo pou tout zòn difisil anndan peyi a Nan yon kominike, Ministè Edikasyon...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile