Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

MENFP fè konnen Sant pèmanan evalyasyon an ap jere planifikasyon egzamen Leta yo pou tout zòn difisil

Examens de 9ème année fondamentale : des taux de réussite remarquables dans 9 départements

MENFP anonse Sant pèmanan evalyasyon an ap jere planifikasyon egzamen Leta yo pou tout zòn difisil anndan peyi a

Nan yon kominike, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl fè konnen l ap pran tout dispozisyon pou Sant pèmanan evalyasyon an kapab òganize egzamen Leta yo pou tout zòn difisil anndan peyi, sitou nan depatman Lwès la kote anpil lekòl pa fonksyone akoz sitiyasyon vyolans gang nan plizyè zòn nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan.

« MENFP ap bay asirans ak tout ajan edikatif yo, espesyalman direktè lekòl yo ak paran yo, l ap pran tout dispozisyon pou pèmèt Sant Pèmanan Evalyasyon an òganize egzamen Leta yo pou zòn ki ta gen difikilte, tankou kèk komin nan depatman Lwès la ak Latibonit », se sa ki di nan nòt sa ki disponib sou sit Ministè Kominikasyon.

MENFP rasire elèv yo pou yo tèt frèt, sitou elèv nan Pòtoprens ak kèk kote nan Latibonit. Li fè yo konnen yo p ap dòmi deyò nan egzamen k ap gen pou fèt yo. Nòt la di, Ministè a « deja pran tout dispozisyon pou Sant Pèmanan Evalyasyon an jwe wòl li, kòmsadwa, nan tèt kole ak Biwo Nasyonal Egzamen Leta a, nan prepare egzamen Leta pou kote sa pa ta rive fèt, jan sa prevwa nan finisman mwa jiyè ak komansman mwa out la, dapre nouvo kalandriye reyamenaje a ministè a. »

N ap raple w nouvo kalandriye MENFP a pou pwochen egzamen Leta yo pibliye konsa: soti 22 pou rive 24 jiyè : egzamen 9yèm ane, soti 22 pou rive 26 jiyè : Egzamen Lekòl Nòmal enstititè yo, soti 22 pou rive 26 Jiyè : Egzamen Sant Edikasyon pou Fanmi epi soti 5 pou rive 8 dawout : Egzamen bakaloreya.

MENFP fè konnen Sant pèmanan evalyasyon an ap jere planifikasyon egzamen Leta yo pou tout zòn difisil

Li tou :

Et si la question de la réconciliation nationale en Haïti trouve un début de réponse au sein du Conseil Présidentiel ?

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Des élèves de lycées ont manifesté à Port-au-Prince pour réclamer le retour des enseignants en classe Moins d’un mois après la réouverture officielle des...

Société

Fixée au 1er octobre 2025, l’ouverture des classes se prépare dans un climat d’inquiétude. Entre l’inflation, les frais scolaires élevés et le déplacement forcé...

Actualités

Une première étape pour renforcer la gouvernance et l’accréditation du système éducatif. Le Ministère de l’Éducation nationale et de la Formation professionnelle (MENFP) a...

Actualités

Un atelier de trois jours pour évaluer la mise en œuvre du PDEF et définir les ajustements nécessaires. Le Ministère de l’Éducation Nationale et...