Ensekirité

Vyolans gang nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan kapab fè plizyè santèn milye elèv ak anseyan pèdi dosye yo

Sitiyasyon k ap devlope nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan kapab fè plizyè santèn milye elèv ak anseyan pèdi dosye yo, selon sa MENFP anonse.

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl nan yon kominike li mete deyò fè konnen plizyè santèn milye elèv ak anseyan pèdi dosye yo akoz sitiyasyon rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan ap konnen dènye jou sa yo kote vyolans gang yo fè domaj sou lekòl ak biwo MENFP.

“Plizyè santèn milye elèv ak anseyan kapab pèdi dosye yo akòz sitiyasyon k ap devlope depi kèk jou nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan, kote genyen lekòl ak biwo Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ki sibi domaj ou ki toujou rete anba menas zak vyolans”, se sa MENFP anonse.

Yon lòt bò, otorite nan Ministè a souliye aksyon malonèt sa yo ap lakoz gwo deba ki p ap ka repare tankou disparisyon achiv yo. “Anpil elèv pral nan difikilte pou yo jwenn relve nòt ak diplòm yo ; anpil anseyan pral nan difikilte pou bay prèv sou karyè yo ki chita sou plizyè ane. Absans dokiman sa yo kapab bloke pakou akademik elèv yo, menm jan li kapab bloke pakou pwofesyonèl anseyan yo.”

Toutfwa, MENFP pwofite pale sou kesyon nimerizasyon achiv. Daprè sa l di, pwojè sa ap pèmèt li pwoteje sèlman yon pati nan tout done li pwodui oubyen l ap jere epi ajoute pou l di l ap kontinye travay pou pwoteje entegrite sistèm relve nòt ak diplòm yo.

MENFP ankouraje tout aktè, tout patnè ki enplike nan nimerizasyon ak pataj tout done anliy sou lekòl, elèv ak anseyan yo epi fini pou l di lekòl merite pwoteksyon anndan peyi a.

À lire aussi :

L’ONU annonce le blocage de l’aide humanitaire à Port-au-Prince en raison de l’insécurité

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Quelques écoles rouvrent à Port-au-Prince après plus d’un mois de fermeture due à la violence des gangs Après...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le MENFP suspend le permis de diriger et le permis d’enseigner d’un directeur d’école dans le Nord-Est pour...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Le MENFP annonce la disponibilité des relevés de notes finales et souligne l’importance de la numérisation des données...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... L’éducation devient depuis plus d’un mois une victime silencieuse de cette escalade de violence dans la région métropolitaine...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile