Éducation

Ayiti: MENFP kontinye chita pale ak patnè li yo pou mobilize yo sou dosye Bakaloreya Teknik la

Ayiti: Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) kontinye ak diskisyon li yo ak patnè yo pou mobilize yo sou pwojè Bakaloreya Teknik ak Pwofesyonèl la.

(Potoprens, Ayiti).- Minis Nesmy Manigat rankont madi 12 jiyè a, yon delegasyon kongregasyon Salezyen Don Bosco yo an Ayiti nan lide pou kontinye ak diskisyon pwojè Bakaloreya Teknik ak Pwofesyonèl ministè a ap pare pou mete apati nouvèl ane akademik 2022-2023.

Nan kad rankont sa ki te gen pè Morachel Bonhomme ki te reprezante delegasyon Salezyen Don Bosco a, Minis Manigat te prezante pwojè Bakaloreya Teknik ak Pwofesyonèl la ak yo ak tout sa ki charye l kòm avantaj pou sistèm edikasyon ayisyen an.

Daprè yon nòt Ministè a, pwojè Bakaloreya Teknik lan ap pèmèt jenn yo gen lòt opòtinite tankou bati lavni yo ak asirans. Menm pwojè sa ap bay jèn yo posiblite pou aprann yon metye ki sètifye ki ap pèmèt yo ranfòse kapasite pwofesyonèl yo epi mete tèt yo deyò nan lekòl lavi a san pa pa gen konsekans sou aprantisaj yo.

Pwojè sa ki ta dwe demare pou ane akademik ki pral louvri la ta dwe inogire ak pwomosyon segondè 1 nan Lise Nasyonal Lasalin lan. Se rezon, Ministè Edikasyon Nasyonal ap chache devlope patenarya sa ak Salezyen yo.

Nan menm lide a, minis Nesmy Manigat swete eksperyans sa demare tou avèk yon lòt gwoup elèv nan Sant Don Bosco Teknik ki nan Fò Libète.

Manb Salezyen yo sou bò pa yo fè konnen yo gen volonte pou kontinye travay avèk Leta Ayisyen epi raple se sou baz yon pwojè konsa ki fè yo te rantre Ayiti an 1936 pandan yo te tou pwofite bay lide pa yo sou kèk bagay pou pèmèt inisyativ la byen fèt.

2 pati yo ap gen pou chita ansanm ankò kote y ap òganize yon jounen travay sou dosye sa yon fason pou soti ak kèk pwopozisyon anndan yon dokiman.

Reyinyon sa te gen minis Nesmy Manigat, Jacques Abraham ki se Direktè Kabinè li. Delegasyon Salezyen Don Bosco Ayiti a te gen plizyè pè pami yo Morachel Bonhomme ki se pwovensyal Salezyen yo.

Dekouvri plis:

Les États-Unis adressent la question d’Haïti lors d’une réunion des partenaires internationaux à Suriname

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Actualités

Le MENFP suspend le permis de diriger et le permis d’enseigner d’un directeur d’école dans le Nord-Est pour violences sur une écolière Le Ministère...

Éducation

Le MENFP annonce la disponibilité des relevés de notes finales et souligne l’importance de la numérisation des données scolaires Le Ministère de l’Éducation Nationale...

Éducation

L’éducation devient depuis plus d’un mois une victime silencieuse de cette escalade de violence dans la région métropolitaine de Port-au-Prince La violence des gangs...

Aktyalite AN KREYÒL

MENFP anonse Sant pèmanan evalyasyon an ap jere planifikasyon egzamen Leta yo pou tout zòn difisil anndan peyi a Nan yon kominike, Ministè Edikasyon...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile