Actualités

Bedjine ak K-Dilak soti nan silans yo aprè tout sa k t ap di sou yo a

Bedjine ak K-Dilak deside pale nan yon live pou pote eksplikasyon sou tout sa k t ap di sou yo a.

Depi aprè mezantant ki te genyen ant atis K-Dilak ak jounalis Westerlie Pierre Fils nan festival ki t ap fèt nan Santo Domingo, anpil pawòl pa t sispann pale sou rezo a kote yo akize K-Dilak kòm moun ki konn abitye bat Bedjine, ki se yon gason jalou ki pa vle atis la featuring ak lòt atis. San zatann, 2 konsène yo atravè yon live ki te gen ladan l tou Bebe Defo te deside pran lapawòl epi demanti tout sa k ap di sou yo a.

Videyo live sa ki disponib anpil kote sou rezo a, Bedjine ki pa gen abitid pale te pale pou montre mekontantman ak tout sa k ap di yo. Atis la fè konnen li p ap pale ak kòlè men gen bagay ki te anndan li pa t janm mete deyò jis paske l kwè plis nan mizik ke ale fè buzz oubyen ap reponn sa moun ap di. “M pa ka gen talan sa pou m ta rezime l ak fè zen avèk reponn moun”, deklarasyon atis Bedjine.

Atis feminen an ki pa t mete dlo nan bouch li anba live sa te kontinye pou l kritike kategori moun ki pran tout bagay pèsonèl epi mande yo chanje konpòtman sa lakay yo pandan l pèsiste se kraze y ap eseye kraze diyo a anpil fanatik renmen.

Nan sa k gen pou wè ak koze K-Dilak pa t vle l featuring ak Richard Cavé a, Bedjine demanti enfòmasyon sa epi te tou pwofite fè konnen ti nèg Miragwàn lan gen pawòl nan mizik lan, li bay melodi li tou sou pwojè sa. “Lè w monte entènèt ou di l pa vle m featuring avèk yon moun oubyen l pa vle m featuring avèk atis nan HMI yo pandan l pa gen pwoblèm ak sa”, pawòl Bedjine ki te pwofite kritike revelasyon Westerlie Pierre Fils yo sou koze sa.

K-Dilak sou bò pa l denonse moun ki volontèman pare pou detwi sa yon moun pran tan pou l konstwi. Atis la fè konnen pa gen moun k ap dakò pou moun soti pou detwi sa k ap met lajan nan pòch li, sa ki fè l pa mizerab. “Ou panse m pral dakò pou m fè 7 ou 8 an ap konstwi karyè m epi nan 6 minit pou m dakò yon moun nan 6 minit pou yon moun vin desann mwen oubyen vin pase sakrifis mwen anba pye”, pawòl K-Dilak pou montre li pa dakò ak konpòtman jounalis la.

Diyo a fè konnen yo kritike yo anpil men yo pa janm pale, yo jis fokis sou travay pou fè fanatik yo plezi. K-Dilak te ajoute pou l mande fanatik yo pa kouri ale kwè nan sa yon moun ap di pou yo kouri kwè se vre. Li mande yo analize dabò sa k ap di yo avan yo pote jijman yo.

Yon lòt fwa ankò K-Dilak fè konnen li pa gen anyen ak medya, medya sipòte l, li pa ta ka gen anyen ak medya. “Nou pa gen anyen avè w se ou ki chwazi vin nan pwoblèm ak nou. Sa pou n ta gen avè w, ou pa nwi sante nou”, se konsa K-Dilak te pale pou montre li pa nan bif ak Westerlie Pierre Fils.

Diyo a pale dirèkteman ak jounalis la pou di l koumanse prepare l pou l pataje album yo pral gen pou soti a. Bedjine ak K-Dilak di ak Westerlie menm enèji li te mete pou pil pale sa yo pou l mete menm enèji sa pou pataje album lan. “Menm jan w te pran tan w pou w te fè tout bagay sa yo atis yo pral lage yon bagay la cheri pataje l wi. Atis yo pral lage yon album la ki chaje bagay ladan l, pataje l”.

Dekouvri plis:

Haiti: Des associations de magistrats saluent les propositions de l’OPC sur la relocalisation du TPI de Port-au-Prince

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Actualités

Il est faux de penser que les Haïtiens sont interdits d’entrée au Suriname. Seule une demande d’autorisation de transit doit être effectuée pour bénéficier...

Aktyalite AN KREYÒL

Marie Bedjine Love David pote eksplikasyon sou ensidan ki te rive Kanada ak yon fanatik. Depi avanyè sou rezo sosyal yo, yon videyo k...

Culture

“Pwomèt Mwen” le duo K-dilak et Bedgine enchaîne les succès Bedjine et Kadilak ne choment plus. De succès en succès, ils avancent. Les inséparables...

Culture

Bedjine et K-Dilak, une symphonie parfaite. “Engra”, leur  troisième bébé cartonne les réseaux sociaux Le couple Bedjine et K-Dilak se sont encore disputés. Malgré...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile