Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Atis Bedjine bay detay sou ensidan ki rive l nan peyi Kanada ak yon fanatik

Atis Bedjine bay detay sou ensidan ki rive l nan peyi Kanada ak yon fanatik

Marie Bedjine Love David pote eksplikasyon sou ensidan ki te rive Kanada ak yon fanatik.

Depi avanyè sou rezo sosyal yo, yon videyo k ap sikile ta lèse kwè Marie Bedjine Love David tout moun konnen sou non Bedjine sibi agresyon fizik anba men yon fanatik ki peze kou l. Videyo amatè sa fè yon pakèt moun entèprete aksyon an fason pa yo. Chantèz la ki se prensipal konsène a fè yon videyo pou eksplike sa k pase a nan vèsyon pa l epi fè konnen li anfòm epi remèsye fanatik li yo pou mesaj yo.

“Konsènan ensidan ki te pase a, m ap di tout moun ki t ap enkyete yo mwen anfòm”, se premye pawòl li sou sa k rive a. Li kontinye pou l di: “Se te jis yon fanatik ki petèt renmen m men ki pa konn kijan pou l eksprime lanmou sa.”

Bedjine fè konnen fanatik sa te makonnen ak li nan yon nivo bon jan kole sere a ki te vin difisil pou yon moun retire l. Fanatik sa te ap bo atis la tout bò kou l ak nan bouch li jiskaske tou 2 ta pral tonbe atè a nan espas kote chantèz la t ap pèfòme a.

Sekirite yo te arive entèvni nan frape fanatik sa pou l lage atis la. Aprè l te fin resevwa pil kou sa yo, li ta pral finalman lage Bedjine. Lapolis te ale ak li, lè yo t ap entèroje l, li fè konnen se renmen li renmen atis la, se pa yon bagay serye li t ap di vrèman, se eksplikasyon sa yo Bedjine rapòte aprè sa k rive a.

Pou enfòmasyon ki t ap sikile ki fè kwè te gen agresyon fizik, Bedjine fè konnen pa t gen yon rapò defòs se te jis yon fanatik ki te kenbe l pandan l rekonèt li pa t anfòm sikolojikman pandan moman aksyon sa.

Anndan videyo sa, li mande fanatik yo pou yo fè sa yon lòt jan nan respè youn pou lòt lè yo deside ba l lanmou pandan l te tou pwofite remèsye fanatik li yo ki pa t rate okazyon voye mesaj rekonfò pou li aprè sa k rive a. “Mèsi sa yo rive nan fon kè m. Se nan moman sa yo w ap konnen kiyès ki avè w ak kiyès ki pa avè w.”

Bedjine tou anonse gen yon album ki an preparasyon pou ane 2024 la epi pwomèt gen plizyè konsè li menm ak K-Dilak ki nan wout.

N ap souliye pou ou aksyon sa rive Bedjine jou ki te premye janvye a nan Canada nan club Renaissance kote li menm avèk K-Dilak t ap jwe yon pwogram.

Atis Bedjine bay detay sou ensidan ki rive l nan peyi Kanada ak yon fanatik

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce jeudi 4 Janvier 2024

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Il est faux de penser que les Haïtiens sont interdits d’entrée au Suriname. Seule une demande d’autorisation de transit doit être effectuée pour bénéficier...

Actualités

Bedjine ak K-Dilak deside pale nan yon live pou pote eksplikasyon sou tout sa k t ap di sou yo a. Depi aprè mezantant...

Culture

“Pwomèt Mwen” le duo K-dilak et Bedgine enchaîne les succès Bedjine et Kadilak ne choment plus. De succès en succès, ils avancent. Les inséparables...

Culture

Bedjine et K-Dilak, une symphonie parfaite. “Engra”, leur  troisième bébé cartonne les réseaux sociaux Le couple Bedjine et K-Dilak se sont encore disputés. Malgré...