Aktyalite AN KREYÒL

Claude Joseph kritike MENFP ki chwazi 7 jiyè dat asasina Jovenel Moïse pou òganize egzamen Leta

Claude Joseph kritike ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl ki chwazi 7 jiyè dat asasina Jovenel Moïse pou òganize egzamen bakaloreya.

Ansyen Minis afè etranjè a, Claude Joseph kritike anndan yon tweet chwa Ministè Edikasyon Nasyonal ki chwazi 7 jiyè dat lanmò Jovenel Moïse pou òganize egzamen bakaloreya pandan l te tou pwofite souliye volonte li di pouvwa an plas lan genyen pou efase krim sa.
Minis Edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat te raple dat egzamen yo, kote egzamen bakaloreya a pwograme soti 4 pou bout 7 jiyè 2022.

Ansyen premye pou yon ti bout tan Claude Joseph ki pa t pran tan pou reyaji siyale konpòtman otorite nan MENFP yo <> li te rapousib pou l di: “Sa montre aklè kouman ekip ki sou pouvwa a ap travay aktivman pou efase krim 7 jiyè a 2021 an.” Pandan l te tou pwofite voye yon avètisman lè l deklare: “Byen konte,mal kalkile. Krim sa a pap ka efase. Memwa JOMO ap toujou ret vivan.”

Sa pa gen twò lontan dwayen tribinal premye enstans Pòtoprens lan, jij Bernard St Vil deziye yon nouvo jij enstriksyon pou ankete sou dosye asasina Jovenel Moïse la. Walter Wesser Voltaire vini senkyèm jij enstriksyon yo deziye sou dosye asasina Jovenel Moïse la.

Aprè 11 mwa, gen 3 jij ki deja depòte yo de dosye sa se: Mathieu Chanlatte, Garry Orélien ak Chavannes Étienne. Katriyèm jij la ki se Merlan Belabre te ekate pa dwayen tribinal premye enstans Pòtoprens lan.

N ap raple pou ou plizyè arestasyon fèt nan kad dosye asasina sa pami yo plizyè kolonbyè, ansyen senatè John Joël Joseph, Rodolph Jaar.

Dekouvri plis:

L’ancien ministre de la culture Jean Emmanuel Jacquet élu président du Centre Pen-Haïti

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... L’éducation devient depuis plus d’un mois une victime silencieuse de cette escalade de violence dans la région métropolitaine...

Politique

Getting your Trinity Audio player ready... Claude Joseph dénonce les manœuvres du gouvernement visant à saboter la mise en place du conseil présidentiel Le...

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... MENFP anonse Sant pèmanan evalyasyon an ap jere planifikasyon egzamen Leta yo pou tout zòn difisil anndan peyi...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Le MENFP et de la Formation Professionnelle a modifié les dates des examens d’Etat, les épreuves du baccalauréat...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile