Aktyalite AN KREYÒL

MENFP anonse tout bagay pare pou resevwa 115 337 kandida ki pral patisipe nan egzamen bakaloreya

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse tout bagay pare pou dewoulman pwosesis la k ap resevwa 115 337 kandida ane a.

Direktè Jeneral Ministè Edikasyon Nasyonal la, Meniol Jeune, nan kad yon konferans pou laprès anonse tout bagay pare pou fasilite bon jan dewoulman egzamen bakaloreya k ap fèt sou tout teritwa a soti vandredi 1e pou bout mèkredi 6 jiyè kote 115 337 kandida ap patisipe nan eprèv yo.

Nan kad konferans sa, Direktè Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) la raple yon lòt fwa ankò konsiy kandida ak lòt moun yo dwe respekte pandan l avèti yo sanksyon ki ka tonbe sou yo si yo pa respekte konsiy sa yo. Meniol Jeune raple kandida yo ak siveyan pa dwe itilize telefòn anndan sant egzamen yo, yo pa dwe itilize kalkilatris pwogramab ak lòt zouti kominikasyonèl. Nimewo 2 ministè a raple gen sanksyon ki ka tonbe kont moun k ap fè fwod oubyen ki ta konplis nan fwod.

Yon lòt bò, Meniol Jeune ki konsyan kalite travay ak angajman ki genyen nan koze reyalizasyon egzamen Leta sitou Bakaloreya, te pwofite voye mo remèsiman bay siveyan, sipèvizè, delege sikwi, Direktè sant egzamen yo, Direktè Depatmantal yo, manm komisyon Nasyonal egzamen Leta yo, lapolis pou dispozisyon y ap gen pou pran pou rann pwosesis la yon reyisit.

Daprè chif BUNEXE mete deyò nan kad konferans sa, 48% nan kandida sa yo se nan depatman Lwès la yo soti avèk yon chif ki se 56 213 elèv. Latibonit vin an dezyèm ak 12 249, Nò vin an twazyèm ak 11 722 elèv. Depatman Nip se li ki bay pi piti kandida avèk yon chif ki se 3 536 elèv. Ministè a mete 572 sant egzamen pou akeyi elèv yo.

Dekouvri plis:

La PNH confirme que les trois individus tués ce mercredi matin à Lalue sont des présumés kidnappeurs

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Éducation

Quelques écoles rouvrent à Port-au-Prince après plus d’un mois de fermeture due à la violence des gangs Après plus d’un mois de fermeture occasionnée...

Actualités

Le MENFP suspend le permis de diriger et le permis d’enseigner d’un directeur d’école dans le Nord-Est pour violences sur une écolière Le Ministère...

Éducation

Le MENFP annonce la disponibilité des relevés de notes finales et souligne l’importance de la numérisation des données scolaires Le Ministère de l’Éducation Nationale...

Éducation

L’éducation devient depuis plus d’un mois une victime silencieuse de cette escalade de violence dans la région métropolitaine de Port-au-Prince La violence des gangs...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile