Aktyalite AN KREYÒL

MENFP remèsye aktè k ap ede nan distribye liv inik an kreyòl la

Ministè Edikasyon Nasyonal remèsye enstitisyon k ap ede nan lojistik distribisyon liv inik an kreyòl la.

 

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ap vanse nan zafè liv inik pou lekòl an Ayiti. Enstitisyon an nan faz distribisyon materyèl sa yo, dapre mesaj li pibliye sou rezo sosyal Twitter jou vandredi 30 desanm nan.

Nan yon mesaj li pibliye sou kont Twitter li, Ministè Edikasyon Nasyonal voye gwo remèsiman bay tout aktè kap ede li ateri ak refòm Joseph C. Bernard te lanse depi lane 1982. Itilizasyon kreyòl kòm lang aprantisaj jenn ayisyen se youn nan pwen fondamantal refòm sila.

« Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl remèsye aktè nasyonal, entènasyonal ki angaje nan pwojè MENFP lanse an 1982 ak minis J C Bernard pou fè yon sèl Lekòl pou yon lòt Peyi. Nou remèsye pèsonèl MENFP, antrepriz Edisyon, UNICEF ak Onu k ap ede nan lojistik distribisyon liv inik an kreyòl la », nou ka li nan tweet enstitisyon Minis Nesmy Manigat ap dirije depi kèk mwa.

Depi retou li nan tèt ministè sila, pwofesè Nesmy Manigat ap goumen pou aplikasyon refòm Joseph C. Bernard. Se konsa Ministè a te anonse nan mwa fevriye 2022 li mete yon bout nan finansman ak sipò materyèl didaktik nan lang franse pou 4 premye ane nan lekòl fondamantal.

Nan yon lòt bò, ministè a kontinye ensiste sou aprantisaj nan lang kreyòl pou 4 premye ane nan lekòl fondamantal menm jan li ankouraje aprantisaj lang entènasyonal tankou anglè ak espanyòl.

En savoir plus:

20 boîtes de cartouches en provenance des Etats-Unis saisies à Quartier Morin, Junior PAPOUTE interpellé

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... L’éducation devient depuis plus d’un mois une victime silencieuse de cette escalade de violence dans la région métropolitaine...

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... MENFP anonse Sant pèmanan evalyasyon an ap jere planifikasyon egzamen Leta yo pou tout zòn difisil anndan peyi...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Le MENFP et de la Formation Professionnelle a modifié les dates des examens d’Etat, les épreuves du baccalauréat...

Edikasyon

Getting your Trinity Audio player ready... MENFP kondane tout zak kraze brize kont lekòl ak inivèsite. Nan yon nòt li mete deyò, Ministè Edikasyon...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile