Connect with us

Hi, what are you looking for?

Edikasyon

MENFP denonse zak kraze brize k ap fèt kont lekòl ak inivèsite nan kapital ayisyèn lan

MENFP fè konnen Sant pèmanan evalyasyon an ap jere planifikasyon egzamen Leta yo pou tout zòn difisil
Getting your Trinity Audio player ready...

MENFP kondane tout zak kraze brize kont lekòl ak inivèsite.

Nan yon nòt li mete deyò, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl di li kondane tout zak vyolans gang nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan ap fè kont lekòl ak inivèsite kote plizyè espas boule oubyen sakaje pa nèg ak zam nan zòn anba lavil la. Pou MENFP, seri zak sa yo se “detwi poto mitan yon kay ki pèmèt tout sosyete a kanpe djanm.”

“Atake lekòl ak inivèsite, detwi achiv yo, boule lekòl ak inivèsite, kraze brize materyèl lekòl ak inivèsite, se detwi manb prensipal yon sosyete, se detwi poto mitan yon kay ki pèmèt tout sosyete a kanpe djanm pou prepare avni timoun ak jèn yo ak avni peyi a”

Pandan dènye jou yo, nèg ak zam sakaje ENARTS, boule lekòl Frè Nau ak Lekòl Nòmal Siperyè. Tout espas sa yo se nan blòk sant vil Pòtoprens yo ye ki nan kè kapital la. Aprè zak sa yo, MENFP te raple ak sosyete a, an patikilye endividi malonèt sa yo

“Lekòl Nòmal Siperyè se youn nan pi gwo ak pi ansyen enstitisyon k ap fòme pwofesè nou yo k ap bay sèvis nan lekòl Leta ak nan lekòl prive nan peyi a.”

Fas ak sitiyasyon kawo peyi a ap viv sitou moun nan Pòtoprens kote menm espas edikasyon yo pa epanye, MENFP lanse yon apèl ak yon kri pou tout moun mete men pou pwoteje lekòl yo ki se enstitisyon de baz pou prepare avni timoun yo.

Responsab MENFP yo te pwofite voye senpati yo ak tout moun ki viktim anba zak vyolans yo, an patikilye Maurice Antoine, yon n nan pi ansyen kad nan ministè a, Kontab Biwo Sekretè Leta Alfabetizasyon, bandi yo touye jodi jedi 28 mas la.

MENFP denonse zak kraze brize k ap fèt kont lekòl ak inivèsite nan kapital ayisyèn lan

À lire aussi :

Le Haut-Commissariat des Nations-Unies appelle à une action immédiate pour faire face à la crise haïtienne

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Nominations de directeurs généraux au sein du gouvernement de transition et d’un directeur de cabinet du CPT Dans...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Bilan positif pour le déroulement des examens de la 9ème année fondamentale, selon les responsables du MENFP. La...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... La Banque interaméricaine de développement, la fondation Education Above All et le Partenariat mondial pour l’éducation s’unissent pour...

Éducation

Getting your Trinity Audio player ready... Le Ministère de l’Éducation Nationale prêt à accueillir 186.370 candidats aux examens de la neuvième année fondamentale et...