Actualités

Site Solèy: Dram 26 avril 2021, Pastè Enock Joseph ap eksplike

Konfli ki egziste ant gwoup gang anndan komin Site Solèy lakoz pou pi pita 4 moun mouri pami yo yon fanm ansent ak anpil blese.

Yon bilan lou daprè eksplikasyon Pastè Enock Joseph

Dram sa pase lendi 26 avril la, kote 2 gwoup gang ki t ap afwonte lakoz plizyè moun viktim ki te twouve yo anndan kamyonèt. Pastè Enock Joseph ki se yon notab anndan komin lan t ap pale sou radyo Kiskeya pou eksplike epi deplore sa k pase a.

Pastè a ki gen Ministè Pastè Enock ki trè popilè nan site a deklare: “Se yè lendi a, vè 10 è nan Kafou Brooklyn, mesye anwo yo tire sou 2 kamyonèt, ladan yo gen anviwon yon dizèn moun ki pran bal, gen 3 moun ki mouri sou plas pami yo yon fanm ansent, gen moun k al mouri lopital”.

Fas ak aksyon sa ki pase a, Pastè Enock pa kache santiman l pou fè konnen anndan l manje l lè l ap gade sa k pase a epi fè konnen li kondane zak sa

“Lè w tire sou 2 machin, 2 kamyonèt k ap pote moun sivil 2 bra balan ki pa gen anyen kòm defans, sa li manje tout anndan m epi li fòse m denonse, revòlte, endiye kont zak sa ki pase a epi nou kondane l”.

Afwontman 2 gwoup gang

Pi lwen nan detay li yo, notab la fè konnen sa k ap pase a se yon batay gwoup gang anwo kont gwoup gang anba ki la depi 2 lane depi aprè lanmò Ti Ougan. Anwo se katye Boston ki gen lòt katye alye avèk li, anba se katye Brooklyn ki gen lòt katye avè l tou, si n kwè eksplikasyon pastè a ki te nan mikwo Kiskeya.

Kiyès ki dèyè gwoup sa yo?

Nan detay li yo pastè a pa t vle site non chèf gang k ap jere blòk anwo ak anba. Li te pito jete responsabilite a sou do moun anndan Leta yo li di ki deside kite zam nan men moun sa yo.

Li pa t vle tou devwale okenn non moun oubyen sektè ki ta gen men kache dèyè sa k ap pase yo. Toutfwa li estime avan sa se te pou kesyon klan politik, koze elektoral, elatriye…

Dekouvri plis:

68 congressmen demandent à Joe Biden de dire NON aux élections et au référendum programmé par Jovenel Moïse

Laisser un commentaireAnnuler la réponse.

Plus de contenu

Actualités

L’OIM Organisation Internationale pour les Migrations dit avoir recencé plus de 1000 personnes déplacées à la suite des attaques armées à Cité-Soleil. Sur son...

Actualités

Une situation de tension règne depuis ce matin dans la commune de Cité-Soleil et des zones avoisinantes. Ce mercredi 15 novembre 2023, une situation...

Actualités

Une situation de tension a régné le lundi 13 novembre à Cité Soleil après le décès d’un puissant chef de gang. L’ancien maire de...

Sports

Compétition Hero Battle Cup en Italie: Gesny Pierre Louis, fils de Cité Soleil, termine 4e sur 14 compétiteurs. Le compatriote haïtien Gesny Pierre Louis,...

Copyright © 2017 - 2024 Groupe Juno7 , Delmas 75 Haïti Tel. 50941777777. - Tous droits réservés

Quitter la version mobile