Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

MENFP fè prezantasyon ak ekspozisyon « Liv inik » pou premye ak dezyèm ane

MENFP fè prezantasyon ak ekspozisyon "Liv inik" pou premye ak dezyèm ane

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl fè prezantasyon ak ekspozisyon « Liv inik » pou premye ak dezyèm ane fondamantal

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl prezante jedi 25 out 2022 a, nan Petyonvil, « Liv inik » pou premye ak dezyèm ane fondamantal. Jounen prezantasyon ak ekspozisyon sa te rasanble 7 mezon edisyon ki anbrase pwojè sa. Te gen tou plizyè sendika anseyan, direktè lekòl ak plizyè patnè nasyonal ak entènasyonal, daprè eksplikasyon yon nòt ministè a mete deyò.

Nan kad aktivite sila, ministè edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, te remèsye chak grenn mezon edisyon li di ki deside soutni pwojè sa. Responsab MENFP a pa t kache apresiyasyon l pou antrepriz sa yo li estime ki te reyaji avèk rapidite pou te kapab prezante bon jan kalite egzanplè « Liv inik » la.

MENFP fè prezantasyon ak ekspozisyon "Liv inik" pou premye ak dezyèm ane

Pi lwen nan diskou li a, pwofesè Nesmy Manigat te pwofite eksplike objektif pwojè sa a. Li te rale divès pwen tankou tranfòme mòd lekòl akayik la ki plis chita sou echèk olye li mete devan reyisit elèv yo. Li te soulve yon pakèt lòt pwen toujou. Sa yo fè minis lan gen konviksyon ak nesesite pou transfòme lekòl la lè yo kòmanse fè timoun yo aprann an kreyòl.

Liv inik sa tou pral ede paran achte mwens liv tou sa k ap fè yo ekonomize nan pa depanse pil lajan achte pil Liv pandan timoun lan p ap sèvi ak tout.

Pandan Jounen sa, editè yo te pale sou pwojè sa epi prezante bay asistans lan Liv inik yo rive prepare. Editè sa yo rete kwè koneksyon ki fèt ant konesans tradisyonèl ak syantifik yo al ede timoun yo konprann pi byen chak jou reyalite y ap viv la.

Lis mezon edisyon ki te patisipe se Edisyon C3, Edisyon CUC, Edisyon Henri Deschamps, Edisyon Kopivit-L’Action sociale, Edisyon Impression des Antilles, Edisyon Pédagogie Nouvelle ak Edisyon Zemès.

MENFP fè prezantasyon ak ekspozisyon "Liv inik" pou premye ak dezyèm ane

Dekouvri plis:

Le rectorat de l’UEH annonce le maintien en place du décanat sortant de l’INAGHEI

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Le rapport de l’INDDESC pointe l’effondrement des infrastructures scolaires et l’inaction du Ministère de l’Éducation et du Fonds National de l’Éducation. Après deux années...

Actualités

Des élèves de lycées ont manifesté à Port-au-Prince pour réclamer le retour des enseignants en classe Moins d’un mois après la réouverture officielle des...

Société

Fixée au 1er octobre 2025, l’ouverture des classes se prépare dans un climat d’inquiétude. Entre l’inflation, les frais scolaires élevés et le déplacement forcé...

Actualités

Une première étape pour renforcer la gouvernance et l’accréditation du système éducatif. Le Ministère de l’Éducation nationale et de la Formation professionnelle (MENFP) a...