Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

8 lane deja

Rèl pete pòt
janbe lorizon pou rele Jezi
tou blanch, peyi a tou blanch !
Jezi ! Jezi ! Jezi !
li pa vini
Moun tounen poud
moun tounen sann
san n tounen sann
Trip melanje ak feray
beton antre nan zantray
Gwo zouzoun ak zagribay
Goudougoudou
wi goudougoudou
pase tout anba tray
Lanmè tranble
pantalèt latè chire 7 mòso
lanati gwonde
lannwit pran lajounen nan kòlèt
Bawon ouvè pot pou l akeyi nanm,
Bawon ouvè pòt pou l akeyi vyann
simityè di ase
yon pakèt zetwàl file
syèl la dezabiye
toutouni, li kouri kite Ayiti
Kadav kò simaye tankou chaple degrennen
zanfan yo kriye
zanfan yo rele
lavi nou kraze tankou asyèt fayans
lavni nou kwape pou rans
Jezi pa vini, Leta kote w ?
Gade mouche Leta fè vwèl tou
Leta se ou ki lakòz dlo je nou mele ak san
Leta se ou ki lakòz nanm nou file kou zèklè
Leta se ou ki lakòz nou travèse anvan lè
Tankou ti kap vandredi sen
zikap zikap
youn pa youn nanm nou monte
youn pa youn souf nou koupe
Ti Mari pa monte
Ti Mari pa desann
yon pope san tèt
yon zèl sapat
yon grenn woslè
Ayiti anba dekonm depi 8 lanne

ZO Mangay Vanyan
11 01 18
Tous droits réservés ®

 

[views]

Plus de contenu

Culture

BANDA se yon espas kiltirèl kote enfòmasyon sou literati, kilti ak atizay lakay makònen. Se yon bichèt kote pwezi ak tout kalte lekriti atistik...