Connect with us

Hi, what are you looking for?

Sécurité

Léon Charles anonse mezi konsèvatwa pran kont responsab diferan inite ki te anchaje sekirize  Jovenel Moïse

Léon Charles - Manb CSPN yo pale sou evolisyon ankèt ki gen pou wè ak asasina Jovenel Moïse
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Direktè jeneral PNH la, Léon Charles anonse mezi konsèvatwa pran kont responsab diferan inite ki te anchaje sekirize  Jovenel Moïse

Nan yon pwend près ki te bay yè dimanch lan, pa manb CSPN yo, nan rezidans ofisyèl premye minis lan, Direktè lapolis la, Léon Charles enfòme ke mezi konsèvatwa pran kont responsab diferan inite ki te an pou sekirize Jovenel Moïse.

Nan eksplikasyon chèf polis la te bay, li fè konnen gen 2 nivo ankèt ki kòmanse sou dosye lanmò prezidan an. Yon se ankèt administrativ k ap fèt nan Enspeksyon Jeneral polis la kote enspeksyon jeneral pran mezi konsèvatwa kont responsab diferan inite ki t ap sekirize prezidan repiblik la.

“Responsab diferan inite  ki te responsab sekirite prezidan an, nou rele responsab yo, enspeksyon jeneral pran mezi konsèvatwa e l ap kontinye chache enfòmasyon pou gade degre enplikasyon chak antite sa yo”, deklare chèf polis la.

Responsab diferan inite sa yo se Civil Jean Aguel, kwòdonatè jeneral sekirite prezidansyèl, Dimitri Hérard ki se responsab ISGPN. Genyen tou Leandre Pierre Osman ki se responsab USP epi Amazan Paul Eddy ki se responsab CAT TEAM.

N ap raple w prezidan repiblik la mouri asasinen lakay li nan lannuit 6 pou louvri 7 jiyè. Plizyè moun toujou ap kesyone kote sekirite prezidan yo te ye, poukisa youn pa mouri oubyen blese nan atak sa.

Apre zak asasinay sa,  responsab polis la enfòme pou di 18 kolonbyen arete, 5 nan mawon, 3 mouri. Tout te fè pati kòmando ki asasinen Jovenel Moïse lakay li, daprè Léon Charles.

Léon Charles - Manb CSPN yo pale sou evolisyon ankèt ki gen pou wè ak asasina Jovenel Moïse

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Dekouvri plis:

Haiti: Arrestation de Christian Emmanuel Sanon, l’un des présumés auteurs intellectuels de l’assassinat du président

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu