Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

QQA: avanti a ap kontinye pou Rutshelle, 1M views pou “M Pa La Ankò”

QQA: avanti a ap kontinye pou Rutshelle, 1M views pou M Pa La Ankò

QQA: avanti a ap kontinye pour atis Rutshelle Guillaume, deja 1M views pou “M Pa La Ankò”.

Pa gen manti nan sa QQA se album moman! Avèk yon pwomosyon anraje, yon album chaje kou lapolòy, atis Rutshelle Guillaume franchi yon lòt nouvo kap, yon moun ki fin tande album sa te ka jis di makè 100 pwen pou  QQA.

Anviwon 6 jou depi mizik “M pa la Ankò” ki sou album lan soti ak videyo getan rekòlte 1 milyon vyou epi klase 75èm nan klasman mizik moun plis tande Miyami sou YouTube. Atis la pa t rate okazyon an pou remèsye entènot yo anndan yon mesaj li poste sou paj Facebook ak IG li ki di: “Jolie Nana est Poze”, “Merci et merci c’est uniquement grâce à vous”.

Yon mizik ki apresye pa anpil moun. Se nan menm nivo a videyo a gen apresiyasyon pa l. Yon videyo moun pran plezi poste mòso sou estati watsap, sou Facebook, pou montre lanmou yo pou mizik la ak atis la.

Madi pase a, Rutshelle te pwofite anndan Asù nan otèl Karibe prezante ofisyèlman twazyèm album li an ki gen yon pakèt atis tankou Salatiel, Wendy, Singuila, Oswald ki chante sou li.

QQA se yon lòt gòl diva ayisyèn lan fè pou vakans lan epi konble kè fanatik mizik an patikilye fàn li yo ki rete atache ak li. Rebèl la bay randevou jodi vandredi a sou paj YouTube li a bò 7 è nan aswè pou fè je fàn yo plezi. Yon nouvo videyo? Randevou aswè a.

QQA: avanti a ap kontinye pou Rutshelle, 1M views pou M Pa La Ankò

Dekouvri plis:

Moïse Jean Charles ap fè pwomosyon pwojè “BitGoud” la nan peyi Venezyela

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Culture

Musique: Présentation officielle du nouvel album “QQA” de Rutshelle Guillaume Devant une assistance restreinte à cause des circonstances sanitaires liées à la pandémie de...

Culture

L’artiste Rutshelle Guillaume a accordé une interview exclusive à la rédaction de Juno7, à l’occasion de la sortie de son nouvel album baptisé Quoi...