Nan okazyon 18 me a ki make 218 lane kreyasyon bikolò ayisyen an, plizyè dizèn konpatriyòt ayisyen ki soti toupatou Ozetazini te mache nan Washington pou di non ak koze referandòm epi pwofite denonse zak kidnapin k ap fèt an Ayiti.
Ayisyen sa yo ki te gen drapo ble ak wouj nan men yo te rasanble tou pre mezon blanch, yon fason pou fè tande vwa yo nan revandikasyon y ap pote yo.
Ayisyen sa yo t ap klewonnen non ak referandòm, wi pou tranzisyon epi pwofite mande depa Jovenel sou pouvwa a.
Kapital ayisyèn lan pa t chome
Se te prèske menm bagay la nan Pòtoprens kote plizyè sitwayen te pran lari pou denonse koze referandòm Jovenel Moïse la epi mande depa l sou pouvwa a.
Marie Denise Claude ansyèn minis kondisyon fanm ki t ap patisipe nan manifestasyon sa fè konnen manda Jovenel Moïse fini li pa gen okenn dwa ap pale de koze referandòm.
Li te pwofite deplore zak kidnapin, ensekirite ak mizè ki blayi anndan peyi a.
André Michel Pòt Pawòl sektè opozisyon deklare yo nan lari a pou di non ak referandòm, yo pa nan eleksyon ak Jovenel Moïse, fòk konstitisyon an respekte.
Manifestasyon sa te demare plas konstitisyon, monte Lali, desann Kafou Ayewopò. Plizyè nan militan yo fè konnen y ap bloke referandòm lan epi anonse jou k ap vini la yo pral gen anpil bagay sou beton an.