Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Ayiti : Yon gwoup jèn fanm ak gason deside pran larelèv nan dosye politik peyi ya

Haïti: les secousses à répétition inquiètent, Claude Prepetit tente de rassurer la population
Nan yon korespondans tou louvri, ki pote siyati plis pase yon trantèn jèn fanm ak jèn gason, yo reyalize ke fòk gen lòt lidè ki emèje nan nouvèl dòn sa a e ki ka egzije rezolisyon kriz la ak chanjman konpòtman pwotagonis y oak dives lòt detay ke redaksyon an kite’w pran swen pou li entegralite nòt la.

Nou reyalize apre 33 lane tranzisyon demokratik, Leta Esklizyon an bout, Nou reyalize 7 fevriye 2019 tout moun te leve kanpe kont yon sistèm ki bout menm jan sa te pase tankou 7 fevriye 1986, Nou reyalize ke lidè yo pa konprann apèl pèp la epi yo pa dakò fè depasman ni fè  jefò ansanm,

Nou reyalize nou nan yon sitiyasyon eksepsyonèl kote elit yo an kriz, avni Repiblik la menase, koripsyon ak enpinite finn vòlè avni nou, Nou reyalize politik yo depase, yo pa nan dimansyon kriz la; iresponsablite elit yo, fè yo paka chita ansanm pou sòti nou nan kriz la, Nou reyalize gen yon gwo konplo kont lajenès, apre tout sa nou viv deja, yo vle ba nou gè sivil jounen jodi a,

Nou reyalize pwotagonis yo paka depase enterè pa yo, yon mannyè pou se enterè nasyonal la ki plase douvan. Yo pa konprann kriz la menm jan ak nou, yo pa konprann sistèm nan bout, Nou reyalize yo ap prepare yon lòt okipasyon pou nou,

Nou reyalize nou paka avanse san nou pa antann nou sou yon lòt leta e ki dwe pou nou tout, Nou reyalize ke nan vyolans anyen paka mache, Nou reyalize nou rantre nan yon epòk ki vle moralizasyon vi piblik la ak pwogrè pou tout moun,

Nou reyalize nou menm jèn yo pa ka konte sou iresponsablite lidè vyolan ak kowonpi yo jiskaske yo pwouve nou lekontrè, Nou reyalize se pa gouvènman ki pou ap plede chanje men se  mòd Leta sa a  ki dwe chanje,

Nou reyalize fòk gen lòt lidè ki emèje nan nouvèl dòn sa a e ki ka egzije rezolisyon kriz la ak chanjman konpòtman pwotagonis yo,

Nou deside angaje’n :

Pa gen wout pa bwa. Di djab bonjou lap manje ou pa di’l bonjou lap manje ou. Ayiti rantre nan yon  lòt epòk. Tan tout voum se do a fini, tan leta se chwal papa a fini, tan yon ti gwoup ap souse majorite a  ap jemi an fini, tan se nan vyolans pou tout bagay regle a fini, tan koripsyon ak enpinite taye banda a fini, tan enstabilite a fini, tan se letranje ki pou ap bann dikte a fini, tan kenn moun pa responsab la, tout moun koupab la fini ; tan konplezans ak inakseptab la fini ; tan gaspiyaj resous leta yo fini ; tan leta atè plat la revoli, tan pou gen yon ti gwoup moun ki gen kontwòl  leta a fini.

Pa gen wout pa bwa nou menm kèk jèn nan jenerasyon konsyant lan, sak te nan politik, sak pat nan politik, nou menm kite konn kanpe dèyè lidè ki depase sa yo, nou menm ki pat janm vle angaje nou devan sèn nan, nou menm ke yo monte kont nou menm ankò ; jodi a, nou fè yon depasman epi reponn osekou peyi nou, nan kòmanse mete tèt nou ansanm, nan òganize jefò nou, pou nou asime reskonsablite nou, kise pa kite nou mouri pou peyi a pa chanje.

Pa gen wout pa bwa sistèm nan bout, menm jan pwotagonis yo pa ka geri malad la ak atitid manfouben yo a, ak vyolans sa a.  Sitiyasyon an fè apèl ak nouvo angajman politik, jefò pou viv ansanm nou amelyore kondisyon lavi nou, jefò pou nou viv nan lapè ak nan bon jan demokrasi kote nou pa oblije touye youn lòt pou pouvwa.

Pa gen wout pa bwa 90% popilasyon an paka fè yon jou ankò deyò Pwojè Nasyonal la; kidonk fòk gen yon nouvo projè nasyonal ki chita sou zewo monopòl, zewo eksklizyon, zewo eksplwatasyon, zewo koripsyon ; sanpousan libète, sanpousan pwogrè pou tout moun.

Pa gen wout pa bwa fòk gen yon lòt leta ki kanpe. Yon leta ki ka idantifye nou, reprezante nou, pèmèt tout pitit peyi a jwenn manje, jwenn laswenyay, ledikasyon; yon leta ki ka pwoteje nou, asire nou, elve nou nan diyite, fè yo respekte nou ; yon leta ki ka pèmèt 90 pou san popilasyon an kreye richès ;  yon leta ki pa bay ankenn moun privilèj odetriman yon lòt ; yon leta ki anlè tout moun san li pa oprese pèsonn, ki garanti libète chak moun. Lòt Leta sa a dwe tabli nan yon lòt konstitisyon. Lòt leta sa a dwe kòmanse sou bonjan legzanp, se pou sa pwosè Petwokaribe a dwe fèt.

Pa gen wout pa bwa fòk nou antann nou kounye la menm sou kijan demen ap ye pou nou ak pou pitit nou. Nou pa ka ekskli pèsonn men nou egzije yon nouvèl dòn ; nou angaje nou pou tout moun ka pwogrese nan rèv yo ak nan anbisyon yo, san se pa kraze nou oblije kraze youn lòt, sa vle di pwogrè nan libète.

Pa gen wout pa bwa nouvèl epòk sa a pa ka chita sou enstabilite ak fòm politik dilere sa a; nou lanse yon apèl solanèl ak jenès peyi d’Ayiti, isit kou lòt bò dlo ki kwè nan peyi nou toujou; ann reveye n, yo pap bay jenn gason ak jenn fanm plas sou tab la se pouse poun pouse yo pou nou pran plas nou; ann òganize nou, nouvo leta a se devwa nou, se reskonsablite pa nou e se kounye la menm, se pa demen.

Pou otantifikasyon :

  1. Joseph Chanoine Charles
  2. Phenil Gordon Desir
  3. Louise Carmelle Bijoux
  4. James Jacques
  5. Judin Merveus
  6. Faydi Celan
  7. Alexandre Telfort Fils
  8. Ismona Eugene
  9. Wilfrid Gilles
  10. Johnny Pierrelis
  11. Pelex Flereme
  12. Cenes Fleurant
  13. Daniela Jacques
  14. Mirlande Olivier
  15. Claudy Jean
  16. Robenson Jean-Claude
  17. Helph Monod Honorat
  18. Hantz Joseph
  19. Jordan H. Verdule
  20. Feland Jean
  21. Eventz Leguerrier
  22. Uguelin Jean-Baptiste
  23. Louis-Jean Vixamar
  24. Belijacques Saint-Cleris
  25. Marcna Andy Pierre
  26. Roudy Stanley Penn
  27. Stanley Momperousse
  28. Thony Louis
  29. Yves Fritz Gerald Guerrier
  30. Pierre Motler
  31. Jean Junior Philistin
  32. Desilien Pierre
  33. Marie Danielle Pierre-Charles
  34. Huguens Louis
  35. Yves Bernard Remarais

Plus de contenu